Delegasyon entènasyonal klèb espanyòl la, Levante UD rive an Ayiti ayè vandredi 24 jiyè 2026 la. Responsab yo la pou lanse pwogram ID Talent Haïti 2026 la, yon inisyativ nan tèt kole ak FC Ruben Haiti pou idantifye epi devlope jèn talan ayisyen yo.
Sòti 25 pou rive 30 jiyè 2026 la, delegasyon an ap fè gwo vizit ofisyèl li an Ayiti. Pandantan sa, li ap rankontre plizyè enstitisyon espòtif ak patenè lokal yo. Se yon fason pou pi byen konprann reyalite sosyal ak espòtif peyi a. Yon lòt kote, yo ap fè divès lòt rankont ak Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, Anbasad Espay an Ayiti ak plizyè antreprenè lokal.
Pou sa ki gen rapò ak evalyasyon yo, kan deteksyon an li menm ap fèt 27 pou rive 29 jiyè a nan Pak Espòtif Tomasen an (Parc Saint Claire). Konsa, jèn foutbolè ki fèt ant 2008 ak 2013 yo pral gen opòtinite pou montre kapasite yo devan reprezantan Levante UD yo.
Anplis sa, yo gen nan kalandriye yo tou pou fè yon fòmasyon espesyal pou antrenè Ayisyen yo 28 ak 29 jiyè 2026 la. Se pwofesyonèl Levante UD yo ki ap mennen fòmasyon sa kote patisipan yo ap jwenn yon diplòm entènasyonal.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026




