La traducción al español de este artículo aún no está disponible. Esta es la versión original.
Ministè zafè etranjè peyi Panama fè konnen ayè lendi premye avril 2024 la, yo fèmen anbasad yo a pou yon ti tan an Ayiti. Yo pran desizyon sa se akòz enstabilite ak ensekirite k ap travèse nan peyi a.
“Nou eksprime vrèman pwofon preyokipasyon nou fas avèk sitiyasyon an Ayiti a epi eksprime solidarite n avèk pèp ayisyen an nan peryòd difisil sa“, selon piblikasyon anbasad Panama a fè sou dosye sa.
Jouskaprezan se yon desizyon ki pran nan yon moman kote gen divès afwontman ant Lapolis avèk gang nan «Viv Ansanm» yo. Kote bandi yo t ap eseye pran Palè Nasyonal la epi kreye latwoublay nan plizyè rakwen nan peyi a tankou Channmas, Pit Bwaye, Kazo, Dèlma, Maglwa Anbwaz, Kwadèmisyon, elatriye.
Sou lòt bò a, anbasad Panama kontinye pou li di l ap bay konpatriyòt panamayen li yo ki Ayiti tout atansyon yo. Pandan yo fè konnen yo mete yon liy disponib pou pèmèt moun yo kontakte konsila a nan ka bezwen yo, Men nimewo telefòn ak imel disponib yo: +50931685064, [email protected].
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024




