Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, pwopoze lendi 21 septanm 2026 la, 211 federasyon manm FIFA yo yon nouvo konsiltasyon. Selon responsab la, pwopozisyon sa se yon fason pou gen pi bon gouvènans anndan òganizasyon an.
Nan yon lèt li voye bay federasyon yo, Infantino fè konnen Konsèy FIFA a ta dwe òganize yon konsiltasyon dirèk ak konfederasyon yo, federasyon manm yo ak lòt pati konsène yo. Daprè li, objektif la se amelyore fason gwo desizyon estratejik FIFA yo ap pran.
« M ap pwopoze pou Konsèy FIFA a òganize yon konsiltasyon dirèk, estriktire epi limite nan tan an », se sa Gianni Infantino ekri nan lèt sa RMC Sport rapòte a. Se yon pwopozisyon ki vini pandan FIFA ap travèse yon gwo kriz aprè prezidan an te revele pwojè pou te bay envestisè prive dwa komèsyal sou plizyè konpetisyon.
Nan sans sa, pou Infantino, konsiltasyon li mande a ta vle pou divès antite yo prezante pwopozisyon pa yo sou wòl respektif Prezidan an, Biwo a, Konsèy la ak Kongrè a. Konsa tou, sa ap pèmèt yo jwenn mwayen pou ranfòse transparans, patisipasyon ak responsablite nan gwo inisyativ estratejik yo ».
Gianni Infantino pwopoze pou premye pwopozisyon yo egzamine apati premye reyinyon Konsèy FIFA a ki prevwa fèt 15 oktòb k ap vini la. Li presize tou pwopozisyon ki vini aprè yo ap egzamine tou.
Pi lwen, li presize nenpòt chanjman ki ta fètnan lwa FIFA yo ta dwe al jwenn Kongrè a pou egzamen. N ap soulinye, inisyativ sa a vini aprè gwo presyon UEFA t ap bay sou pwojè kreyasyon sosyete komèsyal pou bay envestisè prive dwa komèsyal la.
Se yon pwojè Infantino te finalman abandone. Malgre sa, jiskaprezan plas li pa rasire pou eleksyon ki ta dwe fèt nan tèt FIFA a.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



