Latibonit, jounen lendi 5 avril 2026 la._ Pa gen anyen ki chanje depi aprè lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021 pase a. Okontrè, se antre n ap antre pi fon nan ma labou a ak anachi a. Depi 5 lane se masak sou masak k ap fèt nan depatman Lwès ak Latibonit ki se 2 teritwa pèdi.
Nou tande gang yo te federe, sa vle di yo te mete tèt yo ansanm epi gen kèk ladan yo ki rele tèt yo chèf k ap pase ti sòlda yo lòd. Nou ka konprann poukisa toujou gen goumen nan Latibonit paske pa gen okenn Leta, okenn fòs polis ak lame ki ka frennen yo jiskaprezan. Yo fè sa yo vle, lè yo vle, yo bale wouze, yo touye, fè kadejak epi mache vòlè moso tè ti peyizan yo te konn plante yo. Sa ki vin lakoz pwodiksyon nasyonal la ki te deja nan lagraba prèske pa egziste ankò. Bagay sa fè nou lage vant nou a 100% nan afriba k ap sòti Sendomeng ak Etazini.
Nan lannuit 28 pou rive 29 mas 2026 la, gang « Gran Grif » te fè yon gwo atak nan kèk lokalite tankou Jandeni, Akasya, Bofò, ak Remonsen ki nan komin Ti Rivyè Latibonit. Lapolis prezante yon bilan kote yo di se 16 moun ki ta mouri ak 10 lòt ki blese nan gwo atak sa. Tandiske, otorite lokal yo menm di yo konte 70 kadav, san konte fanmi ki mouri kankannen andedan kay bandi te pike dife ladan yo. Collectif « Défenseurs Plus » ak « Kolektif pou Sove Latibonit » (KSL) ale nan menm sans la pou di yo anrejistre 70 mò epi 6 000 moun ki kouri kite kay yo pou bandi. Nan yon kominike yo te sòti nan sikonstans lan, yo akize gouvènman defakto a ki kanpe bra kwaze ap gade zak malonèt sa san yo pa reyaji pou defann popilasyon an.
Fòk nou di, se pa premye fwa yo ap masakre popilasyon Latibonit la pandan 5 dènye ane sa yo. Premye gwo masak la te fèt nan jou ki te 3 oktòb 2024 la, kote bandi Gran Grif yo te atake lokalite Ponsonde byen bonè nan maten, yo te touye 115 moun pami yo fanm ak timoun. Dezyèm atak la te fèt jou ki te 10 desanm 2024 la nan Ti Rivyè Latibonit kote menm gang nan te anvayi zòn nan epi touye 10 moun pami yo divès timoun piti. San nou pa bliye kèk lòt atak enpòtan ki te fèt nan depatman an, tankou atak ki te fèt nan mwa janvye 2023 a nan komin Lyankou ak Vèrèt kote bandi yo te touye 6 polisye ak anpil moun nan zòn sa yo. An janvye 2025, sanginè yo te atake lokalite Grepen ak Kanpèch, kote yo te touye 13 moun epi kidnape plizyè lòt.
Kisa nou ka konstate nan tout atak sa yo ? Ebyen, se dèske bandi yo pa janm jwenn yon repons bout fè nan men lapolis. Otorite yo konsantre prèske tout fòs yo nan gwo vil nan depatman Lwès yo pandan pa janm gen yon bon plan sekirite vre. Mèsenè ameriken yo menm ap mache lage dwon nan geto yo pandan pa janm gen bon rezilta vre. Pifò moun ki mouri nan eksplozyon dwon yo se moun ki pa pote zam vre. Nan tout gwo operasyon k ap fèt yo, pa janm gen yon chèf gang ki mouri vre, sof Vitelòm ki te kite yon bò li nan batay la ak Izo ki gen kèk sikatris epi Babekyou ki pèdi kay li. Aprè sa se nad maridad ! Se fedatifis ti mesye yo ap plede lage nan geto yo. Sèvis siveyans yo p ap mache vre paske se ak menm lajan sa Ministè Enteryè ap jere menm bandi yo di yo ap konbat yo. Se yon sistèm pwason kraze nan bouyon !
Kisa nou ka espere de gouvènman sa ? Repons lan se anyen ditou. Se menm rezilta ak Ariel Henry yo, menm demagoji ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT). Mete sou sa, nou panse premye minis Alix Didier Fils-Aimé pral bay pi move rezilta paske li te fè yon dil ak blan meriken pou kenbe pouvwa a, dayè aranjman sa yo pa janm nan avantaj pèp la. Sa ki pi mal la, pèsonn pa konn ki sa ki nan aranjman sa, ki pati nan peyi a li livre bay sousèt yo osnon konbyen pousantaj l ap separe ba yo nan ti resèt peyi a a ap antre a.
Nou konnen tou se ti klas komèsan an ki pran pouvwa a la, sila ki rele tèt yo boujwa yo. Jan yo te toujou mete sistèm peze souse a sou do malere yo… kounye a bagay la pral pi rèd paske yo reprann pouvwa ankò. Tout tiyo lajan yo ap koule nan bokit yo, mesyedam yo ap mennen pou kont yo, yo pa nan separe lajan ak ni palmantè ni abolotcho. Men nou konnen nan kouri gen bouke, n ap tann yo pi devan !
Pou popilasyon Latibonit la, nou prèske pa ka konseye li kanpe goumen ankò paske anpil fwa menm brigad nou mete sou pye yo konn tounen baton pou bat nou. Nan sans sa, n ap di li pran kouraj, rete soude, bay lapolis bon jan enfòmasyon nan lide pou frennen bandi yo. Paske yon jou l ap jou !
Pou nou fini, nou gen yon mesaj espesyal pou Vladimir Paraison alyas « Gwo van ti lapli ». Depi kèk lane w ap goumen pou plas DG lapolis la, omwen montre nou ou gen kapasite pou li. Se pa bèl foto ak videyo nou bezwen sou rezo sosyal yo, nou bezwen viv anpè nan katye yo, nou bezwen lapolis rekipere zòn kle ki nan men bandi yo epi debloke wout nasyonal yo. Bagay la senp, paske nou wè tout systèm politik la anfavè ou. Kidonk, degaje w ateri. Pèp la pa ka tann ankò !
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



