Nan lannuit 23 pou rive 24 dawout ki sot pase la, bandi “Viv Ansanm” atake komin Kenskòf yon lòt fwa ankò kote yo touye plis pase 50 moun epi kidnape anviwon 60 lòt. Nan atak sa a, 2600 moun kouri kite zòn nan pou bandi, 25 kay boule ak kraze, daprè yon bilan pwovizwa Òganizasyon Nasyonzini mete deyò. Fòk nou di, bilan sa yo otorite lokal yo bay la pa sanble ditou ak reyalite a paske gen anpil kadav ki gaye prèske tout kote nan zòn nan. Gen sa, selon abitan yo, bèt ta menm gentan manje.
Bandi yo tèlman alèz, yo pibliye videyo moun yo kidnape yo kote nou ka konstate ti granmoun, fanm ak timoun nan gwoup la ki tou twomatize. Sitiyasyon an malouk anpil nan Kenskòf. Sou tout entènèt la divès imaj pa sispann frape konsyans moun. Pami yo, foto yon ti lèzanj ki te pran refij sou yon plas piblik. Yon lòt imaj ki choke entènèt la, se videyo yon madanm k ap rakonte kòman gang yo touye 4 pitit li pandan atak la. Pa gen moun ki ka konsole fanm sa k ap viv nan yon peyi ki tounen lanfè. Yon lòt pi gwo trajedi, se yo manman k ap rakonte jan sanzave yo te pran plezi nan choute yon ti bebe 5 mwa, tankou se lè moun ap jwe foutbòl. Fòk nou soulinye, bandi yo te atake yon kan deplase nan menm sware sa. Sa ki vle di, se yon bann moun ki te viktim deja epi ki retounen viktim ankò. Pandantan sa, otorite ki responsab sekirite pèp la menm tounen espektatè epi ap boule lajan peyi a nan banbile pasi pala.
Sa se yon lòt masak ki sou responsablite gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a ak tout akolit li yo nan entènasyonal la. Kòm administrasyon Trump lan di sitiyasyon peyi a amelyore, an menm tan an yo tou pwofite òganize divès vòl depòtasyon pou voye nan peyi a kèk gwo kriminèl blak ameriken ki pa gen okenn rapò ak Ayiti. Sa vle di, pandan pèp la ap goumen kont bandi pye blanch epi bandi ak vès, kounye a li dwe prepare li tou pou li fè fas kare ak kriminèl meriken sa yo ki te konn patisipe nan tout vye zak malonèt Etazini. Pandan otorite meriken yo ap di kondisyon peyi a amelyore a menm yo menm ap sòti nòt pou yo voye pinga bay sitwayen meriken k ap antre Ayiti yo. Yon fason pou yo pa viktim.
N ap raple, nan deklarasyon premye minis defakto a te fè nan mikwo laprès, li te bay garanti « disi fen mwa jiyè a ak mwa dawout la nou gen pou wè bon jan chanjman, sekirite ak eleksyon rapid rapid ». Li te ale pi lwen pou li di « fòk wout Sid la ouvè, ak wout Nò a ansanm ak wout ki mennen Mibalè a ». Men, jiskaprezan yon peta pa pete !
Okontrè nan menm mwa dawout sa a sitiyasyon an vin pi grav. O kòmansman DG lapolis la, Vladimir Paraison t ap kalewès nan lari a nan fè fouy pou poste sou rezo sosyal yo. Poutan se pa janm sa nou bezwen nan moman an la. Dayè, lapolis konnen kote tout bandi yo rete, li konnen nan ki sektè pòs peyaj yo ye sou wout nasyonal yo. Lapolis konnen byen ki kote tout zòn wouj yo ye… e se la menm pèp la bezwen pou chowòf yo al fèt.
Aprè tout san sa ki koule nan depatman Latibonit ak nan komin Kenskòf, kounye a fòk nou poze premye minis defakto Fils-Aimé kesyon. Kisa sitwayen meriken an Eric Prince ak gwoup mesenè li yo ap regle nan peyi a ? Se pa yon sekrè pou pèsòn konpayi sekirite Eric la, Vectus Global, te benifisye yon kontra 10 lane nan men Didier Fils-Aimé. Kontra sa se pou ede li jere sekirite peyi a, ak koze taks pi byen nan peyi a. Poutan plizyè mwa aprè, pa gen youn nan 2 pati yo ki janm devwale konbyen kòb kontra sa ye, pandan rimè yo fè konnen se plizyè dizèn milyon dola vèt k ap vole tankou lafimen.
Sa ki pi enpòtan nan dosye sa se dèske gwoup mèsenè sa yo p ap regle anyen serye nan peyi a ; tout jounen ou tande dwonn ap tonbe nan katye popilè yo men se plis popilasyon sivil la ki toujou viktim. Jiskaprezan poko gen youn nan gwo chèf gang yo ki tonbe, yo poko janm rekipere yon teritwa pèdi, yo poko janm debloke yon wout nasyonal ki sou kontwòl gang yo. Se tankou gwoup mèsenè yo pi alèz lè sitiyasyon sekiritè peyi a ap ap vin pi mal la pa bò isit.
Pou dosye Fòs Represyon Gang yo (FRG), ki chaje sòlda etranje ladan l ak gwo zam lagè epi anpil gwo ekipman sou teren an, nou rive konprann se teyat k ap fèt, se lajan k ap boule pou granmesi. Paske, li enposib pou nou konprann fòs sa pa menm ka pran kontwòl anba Dèlma ki parèt youn nan perimèt ki pi fasil pou metrize pa rapò ak Matisan, Gran Ravinn, Kwadèboukè ak Titanyen. Nou pa te janm gen gwo espwa pa rapò ak rezilta fòs sa tou, paske se pa premye fwa Nasyonzini ap voye fòs etranje vin kalewès an Ayiti. Sòlda yo te toujou prefere pran plezi yo ak jèn timoun ayisyen yo epi lè misyon yo fini, yo lage zam yo nan katye popilè yo.
Pou kesyon lame ak lapolis la, nou konnen se volonte politik ki pa genyen paske 2 fòs sa yo te ka bay yon minimòn rezilta. Nou pa ka chita ap voye wòch sou FADH paske nou poko gen yon lame vre, se eseye n ap eseye remobilize li depi sou gouvènman Jovenel la. Tout pwa a vin repoze sou do Lapolis nasyonal Ayiti a (PNH), men ki pa ka fè anyen serye akoz li politize. Pi fò dirijan yo nan tete lang ak bandi, chak ti klan gen pwòp gang pa yo pou yo jere paske pral gen eleksyon. Fòk yo asire yo mete yon lidè kowonpi sou pouvwa a pou yo jere pòch yo. Kidonk, lapolis la ap toujou sou beki paske moun k ap dirije l yo pa vle sa chanje.
Finalman, nou rive konprann peyi a pran nan konplo. Gen yon plan ki byen trase pou fè popilasyon an kouri kite zòn yo nan depatman Lwès ak Latibonit, e gen yon men ki kache dèyè mouvman gang yo. Se nou menm senp sitwayen ki pa okouran, men peyi a sanble vann depi kèk tan, yo sèlman pa ka efase nou menm jan yo te fè l pou Endijèn yo ki t ap viv sou ti bout zile sa ki te rele Kiskeya Boyo a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


