Pòtoprens, jou lendi 22 desanm 2025 lan._ Depi kèk jou n ap suiv konpòtman polisye Samuel, tout moun konnen kòm chèf brigad Kanapevè a, jan l ap pale ak awogans, bat lestomak li pou montre kòman li gen pouvwa. Ajisman sa yo ba nou gwo kè kase nan moman sa yo. Nan kèk videyo ki t ap fè vakam pandan kòmansman mwa desanm nan, nou te ka remake Samuel ki t ap menase yon madanm li akize ki ta yon ansyen madan bandi nan Kwadèboukè ki vin abite nan espas l ap dirije a. Polisye a te klè nan diskou sa li te fè an piblik la. Li te di madanm nan kite zòn nan osnon se li k ap antre vin pran li ak tout fanmi li.
Van an vire Kanapevè. Si bandi “Viv Ansanm” yo kontwole 85% nan teritwa nan kapital la, ta sanble ti rès ki rete a se nan men gwoup ame k ap dirije Kanapevè a li ye. Depi kèk tan n ap obsève Samuel ki prèske afiche menm konpòtman ak chèf gang yo, menmsi yo menm yo parèt tout kò yo.
Daprè temwanyaj kèk moun ki rete nan zòn nan, se li menm ki reprezante lapolis, lajistis epi bouro nan perimèt la. Nenpòt sa ki genyen an y ap mennen w jije devan Samuel : 2 jèn timoun renmen yo nan kont (Samuel), madanm ak mouche nan kont (Samuel), yo kenbe yon ti vòlè nan zòn nan (Samuel), moun nan kont pou yon moso tè (Samuel)… bagay sa tounen yon dezòd paske yonn moun pa ta dwe gen tout pouvwa sa.
Nan sousi pou te konnen si Samuel toujou polisye, nou te kontakte pòt pawòl PNH la, Gary Desrosiers ki jiskounye a pa bay okenn repons. Ni direktè egzekitif Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun yo (RNDDH), Pierre Espérance. Pòt pawòl Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SYNAPOHA), Mathieuny Sidel, ak responsab pwogram RNDDH la, Marie Rosy Auguste Ducenat yo menm yo te fè nou konnen yo pa gen pyès enfòmasyon sou li. Kidonk, pèsòn pa konnen si Samuel toujou polisye oubyen si l vire do bay enstitisyon an.
Nou te kòmanse suiv koub brigad sa depi lè te konn gen manifestasyon kont gouvènman defakto a. Nou te konn tande epi analize mesaj vokal Samuel te konn voye nan gwoup WhatsApp pou mobilize moun yo al manifeste devan Viladakèy la. Nan yon premye tan, chèf brigad la te kite wòl defann zòn nan pou li te jwe wòl politisyen nan fè mannèv pou te fè pale de li. Yo te menm akize li kòm moun ki ta negosye plizyè milyon goud ak gouvènman an aprè li te fin distribiye kit alimantè nan zòn li an. Epi yon ti tan aprè, manifestasyon yo te poze plat. Sa ki te lakoz li te jwenn anpil kritik kòm moun ki ta ap bay kou trèt. Malgre sa, moun Kanapevè pran Samuel pou Bondye, tout sa li di se sa, pèsòn pa ka kanpe anfas li. Se menm reyalite a pou lòt zòn bandi ap kontwole yo, pa gen gwo diferans.
Aprè gwo batay ki te fèt nan blòk Pako nan mwa mas 2025 lan kote brigad Kanapevè a t ap afwonte gwoup teworis Viv Ansanm nan, Samuel te pèdi 4 manm nan gwoup li a, pami yo bwa dwàt li ki ta yon ansyen polisye ki te rele Pierre Dougé alyas Foudjy. Depi lè sa a nou remake tanperaman Samuel chanje, se kòm si li ta vle pran menm wout ak ansyen kòlèg li nan lapolis la Jimmy Chérizier alyas Babekyou. Kounye a li pran rezo sosyal yo menm jan ak bandi yo, yon bann jèn gason abiye an nwa, ak kagoul epi gwo zam lagè nan men yo. Detanzantan l ap voye mesaj menas bay lòt gwoup ame yo, se tankou se pwovoke l ap pwovoke yo pou yo vin atake Kanapevè.

Li enpòtan pou nou presize brigad Kanapevè a, menm jan ak lòt yo, pa te janm yon enstitisyon ki te legal, yo egziste senpleman paske leta peyi a pa prezan nan zòn sa a pou pote asistans ak popilasyon an fas ak gwo menas bandi yo ki pandye sou tèt li. Kidonk, tout lòt gwoup brigad yo (otodefans) ki nan peyi a ilegal devan lalwa. Kòm sistèm lajistis la dwategòch, pa gen okenn otorite konpetan ki ka di yon mo, popilasyon an chache yon zepòl pou li apiye. Men, si nou pa rete vijilan, menm baton sa n ap pare kou a ka tounen fwèt k ap kale nou, menm jan sa te fèt nan Latibonit kote yon brigad te touye plis pase 20 sivil ki pa te reprezante okenn menas pou pèsòn.
Nou panse li t ap enpòtan pou lajistis kòmanse pran mezi pou frennen deriv sa yo pou Samuel pa transfòme brigad sa an gang. Fòk nou konnen si PNH la toujou konte sou Samuel kòm polisye, oubyen si nou dwe konsidere l kòm yon lòt Luijanboje ki gen gwo zam nan men li. Fòk PNH la gen kontwòl konbyen zam ki nan baz sa epi kijan yo itilize yo. Èske zam sa yo pap sèvi nan zak malonèt epi èske yo gen kontwòl ti jèn yo k ap manipile zam sa yo.
Nou te toujou ankouraje popilasyon an kanpe goumen kont bandi k ap anvayi zòn yo, men nou pa te janm ankouraje pou sa te bay plis jèn gason ak zam nan katye popilè yo. Nou te ankouraje yon rezistans kontwole, kote se polisye ki rete nan zòn yo sèlman ki dwe pote zam. Dayè se sa li ta dwe ye. Men, se pa sa k ap pase sou teren an la.
Gade videyo Samuel k ap fè madanm nan menas lan epi poze tèt ou kesyon èske se yon polisye k ap pale a oubyen se yon chèf gang ki vyolan menm jan ak Babekyou ?
Atik sa se pwopriyete prive Gwoup Medya MAGHAITI 2025



