La traducción al español de este artículo aún no está disponible. Esta es la versión original.
Nan yon kominike pou laprès, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) mande konpayi DIGICEL pou li respekte sikilè 31 me 2022 a ki gen pou wè ak ajisteman tarif yo, jodi mèkredi 22 me 2024 la.
«CONATEL mande DIGICEL pou li aplike sikilè 31 me 2022 nan tout rigè l sitou nan chanjman tarif epi rewè evalyasyon ak mezi ki pa konfòm yo, selon atik 1 nan sikilè a. Tout kreyasyon ak modifikasyon tarif sèvis kominikasyon dwe pase devan CONATEL nan yon delè 8 jou anvan li aplike», se sa a Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an ekri nan nòt sa a.
Konpayi a pa sispann ogmante pri sèvis kominikasyon li yo, malgre move kalite rezo li yo, kat yo k ap gaspiye pandan dènyè jou sa yo ak lòt difikilte moun ap konnen. Sitiyasyon sa a lakoz anpil moun ap plenyen, se sa a nou te ka konstate sou rezo sosyal yo. Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) fè konpayi a konnen depi li pa respekte prensip yo, l ap resevwa penalite.
Pou fini n ap raple direktè jeneral CONATEL la, Joses Jean-Baptiste, te rankontre nan dat 17 me 2024 la ak direktè Jean Philippe Brun, pou trete kesyon modifikasyon pri sèvis telekominikasyon l ap plede ogmante sou konsomatè yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024




