Violette AC demare chanpyona nasyonal D1 Paryaj Lakay la ak yon gwo viktwa. Lendi 9 novanm 2026 la, nan yon match anreta ki te konte pou premye jounen an, “Vye Tig la” bat Juventus FC Okay la 3-0 sou teren Land des Gabions an. Viktwa sa se te gras ak 3 gòl Clavens Exantus te fè nan match la.
Jèn atakan seleksyon U20 Ayiti a, Clavens Exantus te pran defans Juventus la nan pyèj pandan tout rankont lan. Li te louvri eskò a depi nan 5yèm minit yo anvan l te double avantaj Violette la nan dènye minit premye mitan an (45′). Nan dezyèm mitan an, li te retounen pou l te fè 3yèm gòl la nan 54yèm minit yo.
Avèk twa gòl sa yo, Clavens Exantus vin premye jwè ki fè sa pou sezon sa a nan chanpyona nasyonal la. N ap soulinye, aprè pèfòmans sa, li te resevwa distenksyon meyè jwè match la (MVP).
Violette AC, ki se chanpyon dènye edisyon chanpyona a, kòmanse nouvo sezon an avèk 3 pwen, sa ki mete l dirèkteman nan tèt klasman Gwoup B a. Bò kote pa l, Juventus FC Okay la gen zewo pwen aprè premye sòti sa a, pandan lòt ekip nan gwoup la tankou : America FC, AS Cavaly, Don Bosco ak Racing CH, gen yon pwen yo chak la.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026






