The English translation of this article is not available yet. Here is the original version.
Katriyèm jounen seri ale chanpyona nasyonal D1 Lig Foutbòl Ayisyen (LHF) an òganize a te dewoule dimanch 22 novanm 2026 la. Nan sans sa, plizyè ekip te pwofite okazyon an pou yo amelyore pozisyon yo nan klasman an. Konsa, Real Hope FA reyalize yon bèl viktwa nan Nò peyi a, kont FICA (3-0) ; pandan Violette AC li menm wonfle Racing Club Haïtien (3-1).
Nan Gwoup A a, Real Hope FA siyen pi gwo pèfòmans jounen an aprè l fin kraze FICA (3-0). Caleb Jean-Baptiste te jwenn wout kan an depi nan 3yèm minit jwèt la, sa ki te pèmèt ekip ki soti nan Nò peyi a pran avantaj la byen bonè. Nan dezyèm mwatye tan an, Rapha Intervil te fè 2 gòl youn nan 70yèm ak 79yèm minit yo. Viktwa sa a pèmèt Real Hope FA pran tèt gwoup A a ak 7 pwen.
Nan Parc Vincent, Racing FC ak Ouanaminthe FC te separe pwen yo nan yon match nil (0-0). Malgre gwo batay ki te genyen nan mitan teren an ak kèk okazyon devan toude kan yo, okenn nan 2 ekip yo pa t rive jwenn chimen kan an. Bò kote pa Tempête FC ak AS Capoise, yo fè menm rezilta a tou (0-0). Yon rezilta ki pèmèt chak ekip sa yo pran yon pwen nan gwoup la.
Nan gwoup B a, America des Cayes bat Don Bosco de Pétion-Ville (1-0) gras ak yon gòl Jean Max Guerrier te fè depi nan 5yèm minit jwèt la. Viktwa sa a pèmèt America FC rive nan 10 pwen epi konsève premye plas la nan gwoup la.
Pou match Violette AC kont Racing Club Haïtien an, malgre Mackenson Rosier te fè Racing pran avantaj la, men “Vye Tig” yo te reyaji ak anpil fòs. Konsa, Clergé Kelly, Simon Moricette ak Roberto Jean te enskri yo chak la yon gòl pou pèmèt Violette AC ranpòte match la 3-1. Se yon lòt bèl operasyon pou ekip Rony Attimy an ki kontinye nan tèt kous la ak 9 pwen (ak yon match an reta).
Nan dènye rankont lan, Cavaly AS ak FC Juventus des Cayes pa t rive fè diferans lan. 2 ekip yo te fè match nil san gòl (0-0). Kidonk, yo menm tou yo chak la gen yon pwen anplis.
Pou kounye a, men kijan klasman an ye nan gwoup A a : Real Hope FA, Racing FC, AS Capoise, Ouanaminthe FC, Tempête FC, FICA.
Nqn gwoup B a, America FC nan tèt klasman an, Violette AC an dezyèm, FC Juventus des Cayes twazyèm, epi Cavaly AS, Racing Club Haïtien ak Don Bosco nan twa dènye plas yo.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026





