La traducción al español de este artículo aún no está disponible. Esta es la versión original.
Bank Nasyonal Kredi reprann aktivite li jounen jodia madi 15 novanm 2022 a, aprè 24è tan li te fè fèmen pòt li nan lide pou l pwoteste kont zak kidnapin sou 4 anplwaye yo ki te rive vandredi pase a.
Selon nòt Bank Nasyonal Kredi : «Bank Nasyonal Kredi enfòme avèk kliyan li yo, li reprann aktivite li yo jounen Madi 15 Novanm 2022.»
Paralèlman, desizyon sa pran nan lide pou soulaje chak kliyan ki t ap soufri akoz jounen fèmen pòt ayè lendi 14 novanm 2022 a, kòm mwayen pou yo te eksprime solidarite avèk 4 anplwaye li yo kidnape.
Tout fwa, Bank Nasyonal kredi pa konfime egzakteman si desizyon sa ap kenbe pou tout tan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022






