Seleksyon U-15 gason Ayiti a pral patisipe nan premye edisyon Festival Mondyal FIFA a. Aktivite espòtif sa ap fèt Azerbaïdjan sòti 22 pou rive 31 oktòb 2026 la. Se Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) ki anonse nouvèl la jodi vandredi 16 oktòb 2026 la.
Ayiti nan gwoup AF la bò kote Andò, Ostrali, Azerbaydjan, Izrayèl ak Timò-Lès. Selon FHF la, premye edisyon festival la ap rasanble 191 seleksyon, ki ap divize an 32 gwoup. 31 nan gwoup yo ap gen 6 ekip, tandiske lòt la ak gen 5 ekip. Pou sa ki gen pou wè ak kalandriye a, Ayiti ap jwe samdi 24 oktòb la kont Ostrali, nan dimanch 25 oktòb Grenadye yo ap jwe ak Timò-Lès ak Izrayèl. Epi lendi 26 oktòb la Ayiti ap fè fas kare ak Andò epi Azerbaydjan.
Federasyon an raple, yo te chwazi ti Grenadye yo nan fen mwa dawout la, aprè plis pase yon semèn deteksyon. Aprè sa, gwoup jwè yo te chwazi yo te anba direksyon antrenè kiben Raúl Valentín González Triana ki gen djòb pou prepare Ayiti pou randevou entènasyonal sa a.
Louis Dorvens
©️Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2026


