Seleksyon U14 Ayiti a chanpyon sou Jamayik nan kategori Tier 1 an jodi dimanch 23 dawout 2026 la aprè li fin bat li (4-0) nan kad CFU Challenge series 2026 la. Match la te jwe nan Cap Cana Sports City a, Repiblik dominikèn.

Nan premye mitan an, Jodeley Delmas te pèmèt Grenadye yo fè premye gòl match la nan 28yèm minit yo aprè anpil tantativ ki pa t bout. Pandantan sa, nan dezyèm mitan an, Wensley Dumorné te fè 2yèm gòl la nan 38yèm minit yo. Fwa sa, Ayiti te pran plis konfyans nan rankont sa kote yo te deja ap domine ti jamayiken yo.
Pi devan, gras a yon pas Jean Paul Eddyson, Dumorné te rive fè yon twazyèm gòl pou peyi a. Se te 2yèm gòl li nan rankont lan. Pou te touye match la plis, epi wete tout lespwa Jamayiken yo, Ronelson Pelé Janvier te kreye sansasyon pandan li te elimine defansè ki te sou wout li a. San pèdi tan, li te mete boul la nan kan an. Gras ak viktwa sa, Ayiti ranpòte 3yèm tit CFU Challenge Series U-14 la youn dèyè lòt.

N ap soulinye, Grenadye yo fini konpetisyon an ak yon bilan solid, 3 viktwa, yon match yo pèdi, sou 4 match. Yo fè 13 gòl, alòske yo te sèlman pran 3.
Nan final Tier2 a, Giyàn t ap fè fas kare ak Sirinam. Match sa te jwe menm jodi dimanch lan. Se Giyanè yo ki ranpòte tit la aprè yo te fin fè match nil (1-1). Men, yo te rive met plis boul nan kan advèsè a nan seyans pennalite a (4-2).

Pou zafè twofe endividyèl, Jodeley Delmas fini konpetisyon an kòm meyè bitè ak 7 gòl. Tandiske, Dumorné li menm fini meyè jwè tounwa a. Kòm meyè gadyen se Jamayiken Knevoy Brown ki ranpòte tit sa a. Nan Tier 2 a, gadyen Giyàn nan, Royston Winter, sòti meyè jwè epi meyè gadyen. Epi Sirinamyen Alexander Alberga fini pi bon bitè konpetisyon an ak 8 gòl.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


