Gras ak gwo pèfòmans atakan Ayisyen an, Wilson Isidor, Ayiti bat Trinidad ak Tobago (3-2) jodi jedi 24 septanm 2026 la nan Sabina Park la, Jamayik. Se te match nan gwoup A a ki te jwe nan kad Ligdènasyon CONCACAF 2026-2027 la.
Nan premye mitan an, Grenadye yo te louvri eskò a nan 23yèm minit yo. Gòl sa te fèt gras ak yon kout tèt Fafà Picault ki te antre dirèk nan kan an, aprè Wilson Isidor te byen sèvi l nan yon sant. Men, 8 minit aprè Trinidadyen yo pa t pran tan pou te reyaji puiske Wayne Frederik te jwenn wout kan an tou. Sa ki fè, premye mitan an te fini 1-1.
Nan dezyèm peryòd la, aprè plizyè okazyon rate, advèsè a te bay Ayisyen yo yon dezyèm gòl. Si Trinidadyen yo te kòmanse santi yo rasire, Grenadye te montre yo se met jwèt la. Se konsa, nan tan adisyonèl yo (90+1) Garven-Michée Metusala te rive jwenn egalizasyon an.
Gòl viktwa a ta pral vini nan dènye segonn match la, kote Jean-Ricner Bellegarde te rive jwenn Wilson Isidor nan poto goch la. E se la tou, ewo match la te pwofite mete boul sa nan kan an. Se te yon dènye aksyon ki te mete kè kontan nan kè tout ekip la ak tout fanatik Ayiti yo.
Match sa se te premye dyèl Ayiti nan Ligdènasyon an. Konsa tou, se te premye match ak premye viktwa pou antrènè a, David Badia, epi jwè tankou Kenny Quétant. N ap soulinye, 2yèm randevou peyi a kase pou 27 septanm k ap vini la, kont Kostarika, toujou nan Sabina Park la, Jamayik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



