Nan rapò li pibliye mèkredi 7 oktòb 2026 la, gwoup ekspè ONU yo montre kòman ansyen majistra Akayè a, Rosemila Petit-Frère, ta konn bay bandi enfòmasyon sou operasyon lapolis konn ap mennen nan baz yo. Anplis sa, ekspè yo fè konprann, madanm Petit-Frère ta gen yon gwoup polisye nan PNH la ki pa sispann ba l divès kalte enfòmasyon enpòtan tankou rapò sou Prophane Victor ak Magalie Habitant.
Pou kòmanse, gwoup ekspè yo fè konnen madanm Petit-Frère gen relasyon ak gang yo depi lontan. E li ta sèvi yo kòm pon ant yo ak lòt aktè, ta ba yo sipò lajan ak lojistik. Mete sou sa, yo akize l kòm moun ki te kenbe gwoup gang yo trankil nan zòn yo atravè kominikasyon li ta gen ak yo epi tranzaksyon lajan li ta konn fè pou yo, daprè temwanyaj 2 sous gwoup ekspè yo site.
Lòt akizasyon ki sou do ansyen majistra a se dèske an 2023 li ta bay, pandan 3 fwa, chèf gang Ti Lapli enfòmasyon sekrè sou operasyon lapolis t ap mennen nan zòn Granravinn, e ta fè sa pou plizyè lòt gang. Konsa, yo fè konprann avan Viv Ansanm te kreye, li ta konn pale ak divès gang tankou Ti Lapli ak Pece Pim Pim.
« Gras a kontak li nan lapolis la, madanm Petit-Frère konn souvan resevwa rapò ki konsène Prophane Victor ak Magalie Habitant. Epi moun sa yo itilize rapò sa yo pou prepare yo davans pou yo ka defann tèt yo », daprè sa nou li sou dosye akizasyon li an. N ap raple, ansyen depite Victor ap fè fas kare ak sanksyon kominote entènasyonal la puiske li ta finanse bandi nan peyi a. Ekspè yo soulinye relasyon Rosemila Petit-Frère ta gen ak divès polisye te menm pèmèt li jwenn kontra ak lapolis pou zafè inifòm yo san okenn kontwòl.
Dènye akizasyon ki sou do ansyen premye chèf vil Akayè a, se ta abi pouvwa ak blanchiman lajan. Nan lane 2021, espesyalis ONU yo mansyone li te jwe sou relasyon politik li ak ansyen responsab nan gouvènman an. Sa ki ta pèmèt li fè yo nonmen moun pou li nan leta a, men ak objektif pou moun sa yo detounen lajan voye sou kont li. Nan ka sa, yo soulinye yon ansyen direktè Kès Asistans Sosyal (CAS). Yo di lajan li te resevwa lè sa li ta bay chèf gang gwoup Krache dife a, Jean Gardy, yon pati ladan l.
Epi gwoup ekspè yo revele rès lajan an li ta blanchi l nan twa biznis li genyen ki se : yon Sant komèsyal, Radio Mono 96.3 FM, epi Excel Travel.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



