Lis 30 jwè gason ki kandida pou ranpòte 70yèm edisyon Balondò 2026 la revele jodi madi 8 septanm 2026 la. Ousmane Dembélé, ki te pran pri sa nan 2025 lan, jwenn nominasyon li ankò. Se menm jan an pou Rodri ki te pran l an 2024. N ap fè konnen, ak 10 jwè, Paris Saint-Germain se klèb ki gen plis reprezantan nan lis la.
Jòjyen Khvicha Kvaratskhelia moun konnen sou non Kvara ak Espanyòl Rodri se pami gwo favori yo pou ane 2026 la. Anndan PSG, jwè jòjyen an te fè yon gwo sezon, sitou ak tit Lig Chanpyon an li te pran pandan Rodri li menm te pran Koupdimond 2026 la. Anplis, li te meyè jwè tounwa a.
Pou sa ki gen pou wè ak Lionel Messi, li menm tou li kontinye make listwa menm si l gen 39 lane. Ak nominasyon sa a ansyen chanpyon mond lan sou 17yèm nominasyon l pou Balondò. Li te mennen seleksyon li a nan final Koupdimond 2026 la epi li te fè uit gòl pandan tout konpetisyon an. Nan ekip Inter Miami a, li te genyen MLS la ak yo, yon estatistik ki eksplike prezans li nan lis la ane a.
Lòt jwè ki nan lis la tou se Fransè Kylian Mbappé. Li menm tou li te fè yon bèl sezon anndan ekip Real Madrid la ak nan Mondyal 2026 la. Atakan fransè a te fini kòm meyè bitè nan Liga a, nan Lig Chanpyon an epi pandan Koupdimond 2026 la. Li antre tou nan listwa kòm meyè bitè Koupdimond lan, avèk 22 gòl. Men, li pa t genyen okenn tit kolektif ni ak Real ni ak Lafrans.
N ap soulinye, nan lis la gen gwo sipriz ak jwè tankou Bradley Barcola, Fransè Désiré Doué ak Rayan Cherki ki pa ladan l. Tandiske, Senegalè Sadio Mané ak Meksiken Julián Quiñones jwenn plas yo pami 30 kandida yo.
Men rès jwè ki nonmen pou gwo pri sa : Jude Bellingham, Pau Cubarsí, Marc Cucurella, Luis Díaz, Bruno Fernandes, Erling Haaland, Gabriel Magalhães, Harry Kane, Achraf Hakimi, Lamine Yamal, Willian Pacho, Marquinhos, Lautaro Martínez, Nuno Mendes, Michael Olise, João Neves, Declan Rice, Rodri, Fabián Ruiz, Ferran Torres, William Saliba, Dayot Upamecano, Vinícius Júnior ak Vitinha.
Pou gadyen ki nonmen, genyen 10 nan lis la. Yo se : Yassine Bounou, Thibaut Courtois, Joan Garcia, Gregor Kobel, Emiliano Martinez, Édouard Mendy, David Raya, Matvey Safonov, Unai Simon ak Vozinha.
Nan lis meyè talan an genyen Lamine Yamal, Pau Curbasí, Kerim Alajbegovic, Ayyoub Bouaddi, Yan Diomandé, Lennart Karl, Eli Junior Kroupie, Johan Mazambie, Ibrahim Maza, Warren Zaïre-Emery.
N ap fè konnen, seremoni pou remèt pri sa ap fèt nan vil Lond, an Angletè, lendi k ap 26 oktòb k ap vini la.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


