Tiraj faz UEFA Europa League 2026-2027 la fèt jodi vandredi 28 dawout 2026 la nan vil Monac. Kidonk,ap gen 36 ekip k ap patisipe nan faz lig la. Chak ekip ap jwe 8 match, 4 lakay ak 4 deyò.
Juventus pral jwe ak Real Sociedad, Rennes, Omonia ak N.E.C, AZ Alkmaar, Ferencváros, Celta Vigo ak Hapoel Be’er Sheva. AC Milan gen sou wout li Benfica, Ferencváros, Sunderland ak Ararat-Armenia. Li pral deplase pou jwe kont Olympiacos, Salzburg, Bournemouth ak Levski Sofia.
Leverkusen li menm ap resevwa Marseille, Salzburg, Celje ak Beşiktaş. Anplis l ap jwe kont Lyon, Dinamo Zagreb, Lech Poznań ak OFI Crete. Benfica ap jwenn AZ Alkmaar, Celtic, Lech Poznań ak OFI Crete lakay li. Li pral deplase pou jwe kont Milan, Viktoria Plzeň, Omonia ak N.E.C.
Nan bò pa li, Lyon ap gen pou l afronte Leverkusen, Union Saint-Gilloise, Crystal Palace ak Lillestrøm. Li pral rankontre Real Sociedad, Anderlecht, Jagiellonia ak Hoffenheim. Marseille li menm gen pou l jwe ak Olympiacos, Anderlecht, Celta Vigo ak Levski Sofia lakay li. Li pral deplase pou jwe kont Leverkusen, Celtic, Sturm Graz ak Beşiktaş.
Celtic ap resevwa Marseille, Ferencváros, Celta ak Beşiktaş. Aprè l ap jwe kont Benfica, Omonia, Union Saint-Gilloise ak Torreense.
Sunderland ki se ekip Wilson Isidor a gen yon gwo match kont AC Milan lakay li. Aprè sa li ap resevwa AZ Alkmaar, Dinamo Zagreb, Jagiellonia ak Levski Sofia. L ap jwe deyò kont Anderlecht, Lech Poznań ak Torreense.
Bournemouth ap resevwa Milan, Viktoria Plzeň, Sturm Graz ak Hapoel Be’er Sheva. Li pral deplase pou jwe kont Real Sociedad, Sparta Praha, Celta Vigo ak Lillestrøm. Crystal Palace ki se Chanpyon an tit Conference League la ap jwe ak Lyon, Real Sociedad, Lech Poznań, Sparta Praha ak Hoffenheim lakay li. Aprè sa li pral deplase kont Salzburg, Jagiellonia ak Beşiktaş.
Ferencváros ki se ekip Lenny Joseph la ap jwe ak Juventus epi Milan kòm 2 gwo advèsè. Li pral rankontre tou AZ Alkmaar, Celtic, Lech Poznań, Viktoria Plzeň, Omonia ak Sturm Graz selon tiraj la.
N ap soulinye, faz lig la ap kòmanse 16 ak 17 septanm 2026 la. Faz final la ap fèt 26 me 2027 la nan Stadion Frankfurt la, an Almay.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


