Plis pase 40 moun pèdi lavi yo nan lannuit dimanch 23 pou louvri lendi 24 dawout 2026 la nan komin Kenskòf. Selon ajan enterimè a, Massilon Jean , moun sa yo rive viktim nan yon nouvo atak bandi fè nan zòn nan. Anplis sila yo ki mouri, plizyè abitan fè konnen gen moun ki disparèt.
« Direktè lapolis la fè pwomès y ap degaje yo pou yo goumen pou pèmèt yo reprann Gode, ak lòt zòn yo », daprè sa ajan enterimè a Masillon Jean fè konnen jodi lendi 24 dawout la. Se yon deklarasyon ki fèt nan moman, chèf lapolis la, Vladimir Paraison te deplase al fè konsta yo nan komin nan kèk tan aprè masak gang yo.

Nan divès videyo k ap pataje sou rezo sosyo yo, nou rivé efektivman remake plizyè kadav kouvri ak dra blan divès kote. Pami viktim yo, ajan enterimè a te fè kwè genyen timoun tou. Se konsa, ak dlo nan je yon abitan te deklare : « pwòp san nou k ap touye nou ».
Mete sou kote moun ki mouri, sa ki blese ak sila ki disparèt yo, majistra a fè konnen nan mikwo laprès gen divès kay bandi yo boule tou. Ladan l nou jwenn yon legliz ki te sèvi kòm refij pou moun ki te deja kouri kite lakay yo pou bandi yo.

Fas ak dram sa, Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) reyaji nan yon kominike yo pibliye jodi lendi 24 dawout la. Konsa, yo mande otorite yo nan nivo wo kòmandman an fè sa ki posib pou reprann kontwòl Kenskòf epi pwoteje popilasyon an prese prese. Yo mande tou, pou responsab yo nan leta a pote asistans yo bay fanmi viktim yo, yon fason pou kapab ede sitou nan fè antèman sila yo ki pèdi lavi yo.
N ap soulinye, prezans DG lapolis la, Vladimir Paraison, te pwovoke gwo kòlè popilasyon an ki te pwofite manifeste devan komisarya Kenskòf la pou mande leta sekirite. An repons, Paraison fè konnen Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) deja bay repons lan avèk prezans plizyè inite ak materyèl ki mobilise nan zòn sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


