Yon jou avan Mondyal la tanmen nan estad ki nan peyi Meksik, Kanada ak Etazini, ekip Mag Haiti a pote pou ou biyografi 26 Grenadye k ap jwe Koudimond lan pou Ayiti a. Nan atik sa a, nou pale sou kilès chak jwè yo ye, kibò yo fèt, kibò yo te pran fòmasyon e ki palmarès yo genyen pandan karyè yo.
Pou gadyen yo se Johnny Placide, Josué Duverger ak Alexandre Pierre.
Kilès gadyen yo ye ?
Johny Placide, se yon jwè Ayisyen 38 lane ki fèt nan vil Monfèmèy nan peyi Lafrans. Placide se aktyèl gadyen ekip SC Bastia a (Lafrans). Li fòme nan ekip Havre AC a. Tousuit aprè, li te jwe pou Stade de Reims (Lafrans), l’EA Guingamp (Lafrans), Oldham Athletic (Angletè), ak FC Tsarsko Selo (Boulgari). Nan zafè seleksyon, li te jwe nan ekip espwa Lafrans lan nan lane 2009. Epi li te chwazi vin jwe pou Ayiti apati 2011 depi lè sa, li tounen yon pyon enpòtan anndan seleksyon an. Anplis sa, li se kapitèn seleksyon an. N ap raple, nan menm ane sa a, li te nonmen kòm pi bon gadyen nan pri UNFP Ligue 2 a.
Josué Duverger se youn nan 3 gadyen antrenè Sébastien Migné rele pou jwe ak ekip Nasyonal la pou Koupdimond 2026 la. Li gen 26 lane, li fèt nan vil Montréal, Kanada. Avan sa li te jwe pou União Santarém (Pòtigal) ak Vitória Setúbal (Pòtigal). Aktyèlman, li ap jwe pou FC Cosmos Koblenz. Nan lane 2025 lan, li te chanpyon ak Cosmos, e li te pi bon gadyen chanpyona Alman D6 la. Nan zafè seleksyon, li te jwe ak ekip U20 Ayiti a e kounye a l ap jwe pou seleksyon Nasyonal la.

Alexandre Pierre se twazyèm gadyen antrenè Ayiti a, Sébastien Migné, rele pou defann kan seleksyon an pou Mondyal la. Pierre fèt nan vil Obèvilye nan peyi Lafrans, li gen 25 lane. Li te jwe pou AS Jeunesse Aubervilliers aprè li t al jwe nan ekip Laval la ki te fòme l nan lane 2016. Pandantan sa li te jwe tou pou SCO Angers, Racing Club de Strasbourg Alsace, ak FC Annecy. Aktyèlman, li ap jwe nan ekip FC Sochaux Monbéliard la (Lafrans). Se nan lane 2022 li ta pral kòmanse jwe ak Ayiti, eksperyans lan te kontinye nan faz eliminatwa yo jous non l rive nan lis 26 jwè k ap jwe Koupdimond lan pou Ayiti nan mwa jen 2026 la.
Pou defansè yo nou jwenn Arcus Carlens, Wilguens Paugain, Duke Lacroix, Expérience Martin, Jean Kévin Duverné, Ricardo Adé, Hannes Delcroix, Keeto Thermoncy.
Kilès defansè yo ye ?
Ricardo Adé se yon defansè Ayisyen ki gen 36 lane, li se nèg Senmak. Li te kòmanse karyè foutbòl li nan Baltimore SC, aprè sa li te jwe pou Don Bosco FC de Pétion-Ville epi nan entènasyonal la, li te jwe pou Miami United FC, Santiago Morning (Chili), Deportes Magallanes (Chili), Mushuc Runa (Ekwatè), SD Aucas (Ekwatè) ak LDU Quito (Ekwatè), ki se kote l ap jwe pou kounye a. Nan lane 2022, li te pèmèt ekip SD Aucas la chanpyon nan Ligapro Betcris Serie A an Ekwatè, se te pou premye fwa yo te pran koup la depi 77 an egzistans yo. Menm ane sa tou, li te sòti pi bon jwè sezon an. Nan lane 2023, li chanpyon Kopa Sidamerikana a ak LDU Quito, li pran yon Sipèkoup ak yo pandan ane 2025 la. Pandan 3 fwa yo rekonèt li kòm pi bon defansè nan Ligapro a. Nan zafè seleksyon, li ap jwe pou Ayiti depi an 2016 e pral jwe mondyal la.
Markhus Duke Lacroix, 32 lane, se yon defansè Ayisyen ki fèt New Jersey men manman l ak papa l se Ayisyen. Nan karyè li, li fòme nan ekip U. Of Pennsylvania a, epi li jwe pou Nor’easters, Indy Eleven, Orange Country, Reno 1868 FC, Charlotte Independence, ak Sacramento Republic FC, yon pakèt ekip ki twouve yo Etazini. Aktyèlman, lateral goch la ap jwe nan klèb Colorado Springs Switchbacks FC. An 2016, li te dezyèm ak ekip Indy Eleven nan nan North American Soccer League la e li te dezyèm tou nan lane 2022 ak Sacramento nan US Open Cup la. Poutan, nan lane 2024 la, li te genyen USL Championship la ak Colorado Springs Switchbacks FC. Nan zafè seleksyon, li jwe premye match li ak Ayiti an 2023. E li te kontribye anpil nan kalifikasyon Ayiti nan Koupdimond 2026 la. Mete sou sa, li se yon sosyològ e li gen yon mastè nan zafè sikoloji espò.
Jean-Kévin Duverne se yon defansè Ayisyen ki fèt nan vil Paris, an Frans. Li fòme nan ekip Lens lan (an Frans), aprè li jwe pou Brest (Frans), FC Nantes ki te prete l bay Courtrai (Bèljik), epi KAA Gent (Bèljik). Nan lane 2018, li te jwe pou seleksyon U20 Lafrans lan. Pou kounye a, Duverne ap jwe pou Nantes, li gen 28 lane, e li te premye jwe ak Ayiti nan lane 2024. Aprè kalifikasyon Ayiti pou Mondyal la, li pa t kache kontantman li te genyen pou te jwe yon Koupdimond pou premye fwa nan karyè pwofesyonèl li. Antanke defansè, li konn jwe defansè santral, lateral dwat ak aryè goch.

Martin Expérience, 27 lane, se yon defansè Franko-Ayisyen ki fèt Chatobriyan nan lakou Lafrans. Li ap jwe nan ekip Nancy Lorraine nan an Frans antanke lateral goch. Li te fòme nan Stade Rennais. Fòk nou di, li te jwe pou Avranches ak Cholet an Frans, epi Xerez CD an Espay. Nan lane 2025 pase a li te chanpyon ak AS Nancy epi te monte nan Ligue 2 a. Ak Ayiti, li jwe plizyè fwa deja e te patisipe nan kalifikasyon peyi a nan Mondyal 2026 la. Pou kounye a, li nan lis defansè antrenè Sébastien Migné kenbe pou Koupdimond lan ki ap konte jou pou li rive.
Arcus Carlens se yon defansè Ayisyen, 29 lane, ki ap jwe nan ekip Angers SCO a, Lafrans. Avan sa, lè l te Ayiti li te jwe pou Racing Club Haïtien (RCH) ak Club Sportif Saint-Louis a. Nan entènasyonal la, li te rive jwe pou Troyes, Lille, AJ Auxerre Lafrans, ak Arnhem Vitesse (Lawolann). Nan lane 2015, li te genyen chanpyona dezyèm divizyon Lafrans lan ak ekip Troyes la. Responsab ekip Angers yo te fè konnen 13 me 2026 pase a, Arcus se yon pyès enpòtan ni sou teren an ni nan vestyè yo a. Nan zafè seleksyon, Arcus montre li gen plas li.
Hannes Delcroix se yon jwè Ayisyen, 27 lane, ki fèt Ti rivyè Latibonit. Li se yon defansè ki ka jwe defansè santral ak aryè goch, li fòme nan peyi Bèljik nan Antwerp ak Beerschot. Aprè sa li te vin jwe pou RSC Anderlecht (Bèljik), ki te prete l bay Waalwijk (Lawolann), Burnley (Angletè) ak Swansea (Peyi Gal). Aktyèlman, li ap jwe pou FC Lugano (Lasuis). Nan mwa mas 2026 la li te genyen pri pou pi bèl gòl mwa a ak ekip li. Nan zafè seleksyon li te jwe pou Bèljik nan lane 2020. Men an 2025, li te chwazi chanje nasyonalite pou te jwe pou Ayiti pito.
Wilguens Paugain se yon jwè entènasyonal Ayisyen 24 lane ki sòti Tomazo, men ki ap viv an Frans aprè yon fanmi fransè te adopte li. Li te jwe nan AS Nomexy Vincey, SASF Épinal, avan li al jwe pou l’AS Nancy-Lorraine, an Frans. Li te jwe tou pou Akritas Chlorakas (Chip), FK Auda (Letoni), epi Saint-Pölten (Otrich). Pou kounya, li jwe aryè dwat nan ekip SV Zulte Waregem la an Beljik. Nan lane 2018, li te jwe match zanmitay pou Lafrans nan ekip U18 la. Sòti nan blese ki te fè l kanpe jwe foutbòl pandan 8 mwa nan lane 2020, pase nan boule ban, Paugain te rive leve tèt li ak yon pas desizif nan dènye match SV Zulte Waregem te jwe nan Challenger Pro League la fas RWDM nan dat ki te 18 avril 2025 lan. Sa ki fè, li te pèmèt ekip la remonte nan premye divizyon. Nan zafè seleksyon, li defann Ayiti deja nan Gold Cup e non l nan lis pou jwe dezyèm mondyal ak peyi a.
Nan milye teren an genyen : Carl Fred Sainté, Jean Ricner Bellegarde, Woodensky Pierre, Leverton Pierre, Simon Dominique ak Danley Jean Jacques.
Kilès ki nan mitan teren yo ye ?
Carl Fred Sainté se youn nan jwè Ayisyen ki pral jwe 2yèm Mondyal li pou Ayiti nan mwa jen an. Li gen 23 lane, li fèt nan vil Gran Gwav. Li se yon milye teren ki ap jwe aktyèlman pou El Paso Locomotive FC (Etazini). Avan sa, li te konn jwe pou AG-Foot, AS Grand-Goâve, ak Violette AC an Ayiti. Aprè sa, li t al jwe pou New Mexico United, North Texas (Etazini), FC Dallas (Etazini) ak Poenix Rising sou teritwa ameriken an. Nan lane 2019, li te jwe Koupdimond ak ekip U17 Ayiti a. Sa ki fè, li se youn nan jwè ki pral listwa, puiske li pral jwe 2 Mondyal nan 2 kategori diferan pou Ayiti.
Danley Jean Jacques se yon foutbolè Ayisyen ki gen 26 lane. Li fèt nan vil Tigwav. Li se yon milye teren ki ap jwe nan klèb Philadelphie Union nan (Etazini). Avan sa, li te jwe nan Don Bosco FC de Pétion-Ville aprè li ale nan Metz an Frans. Nan zafè seleksyon, li te jwe ak ekip U17 la epi ap jwe ak ekip nasyonal la depi 3 lane. Depi lè li nan seleksyon an Jean Jacques montre kapasite li genyen pou l defann koulè peyi a. Se sa ki fè, non li nan lis pou jwe Mondyal la ak Ayiti 13 jen k ap vini la.
Leverton Pierre se yon milye teren Ayisyen ki fèt nan komin Taba nan lane 1998. Li te pran fòmasyon nan Club Sportif Saint-Louis an Ayiti, men li kòmanse karyè pwofesyonèl li nan SC Bastia an Frans. Aprè sa, li te jwe AC Ajaccio, Metz, USL Dunkerque, Avranches, LB Châteauroux, toujou sou teritwa fransè a. Pou sezon 2018-2019 la li te chanpyon ak ekip Metz la nan Ligue 2 Lafrans lan. Pou kounye a, l ap jwe nan FC Vizela (Pòtigal). Nan zafè seleksyon, li te jwe pou ekip U21 an epi ap jwe ak ekip Nasyonal la depi 2021. Menmsi an klèb li li pa jwe anpil tan, antrenè Ayiti a, Sébastien Migné, te twouve li enpòtan pou rele li nan seleksyon an pou Koupdimond lan.

Jean Ricner Bellegarde se yon jwè entènasyonal Ayisyen ki fèt nan vil kolonm, Lafrans. Bellegarde gen 27 lane, li se yon milye teren. Nan karyè li, li jwe pou CS Villetaneuse, Mans FC, Lens ak Strasbourg (Lafrans) epi kounye a l ap jwe pou Wolverhampton Wanderers FC, an Angletè. Nan seleksyon, li te jwe pou ekip U20 an ak U21 Lafrans la. Li te chwazi jwe pou Ayiti nan lane 2025 lan. Nan mwa septanm 2025 lan, yo te rekonèt li kòm jwè mwa dawout menm ane a nan ekip li. Pou eliminasyon Mondyal la, li te pwouve talan l nan mitan teren an pou seleksyon an e li deja ap prepare l ak rès ekip la pou jwe Koupdimond 2026 la pou Ayiti.
Simon Celidor Dominique se yon jwè Fransè 25 lane ki gen rasinn li an Ayiti. Li te fòme nan ekip Paris Saint-Germain an, men nan tout karyè li li jwe pou lòt klèb tankou Aubervilliers (Lafrans), Deportivo Navarro (Espay), Paide Linnameeskond (Estoni), Dinamo Tbilissi, ak FK Pardubice (Repiblik Tchyèk) ki prete l kounye a bay ekip Tatra Prešov la (Eslovaki). Nan lane 2024, milye defansif la te 2yèm nan Sipèkoup Jòji a ak ekip Dinamo a. Epi nan lane 2024, li te chanpyon koup Estoni an ak ekip Paide la. Dominique pa gen lontan depi l kòmanse jwe pou Ayiti.
Olivier Woodensky Pierre gen 21 lane. Li se sèl jwè ki reprezante chanpyona nasyonal D1 an nan mitan tout jwè ki pral jwe Mondyal la pou seleksyon nasyonal la. Aktyèlman, li ap jwe pou Violette AC kòm milye teren. Li sot chanpyon seri ouvèti ak seri ki te fèmen Ligue haïtienne foutbòl la. Li te pi bon jwè seri retou a. Woodensky fèt Site Solèy, li fòme nan Ascoli FC. Li te jwe pou Real Hope avan li al jwenn Violette AC. Nan palmarès li, li genyen 4 chanpyona nasyonal, 3 ak Violette epi lòt la ak Real Hope.
Pou fini, sa se non atakan yo: Duckens Nazon, Frantzy Pierrot, Deedson Louicius, Wilson isidor, Ruben Providence, Yassin Fortuné, Casimir Josué, Derrick Etienne, ak Joseph Lenny.
Kilès atakan yo ye ?
Duckens Moïse Nazon se yon jwè entènasyonal Ayisyen ki fèt nan vil Châtenay-Malabry an Frans. Li gen 32 lane. Pandan karyè li, li te jwe pou Stade Lavallois Mayenne FC, Vannes Olympique Club, FC Lorient, US Roye an Frans, Coventry (Angletè), Saint-Trond (Bèljik), St Mirren (Ekòs), Quevilly Rouen Métropole (QRM) (Lafrans), CSKA Moscou (Larisi) ak Kayseri (Latiki) epi li se jwè Esteghlal Football Club nan peyi Iran. Men, akoz lagè ki genyen nan peyi sa a li gen plizyè jou li pa jwe ak li. Nan zafè seleksyon, Nazon ap jwe pou Ayiti depi nan lane 2014. Nan istwa foutbòl Ayisyen an, se li menm ki fè plis gòl ki egal ak 44 gòl sou 74 seleksyon.
Ruben Providence, 24 lane, se yon foutbolè Ayisyen ki fèt nan vil Lagny-sur-Marne an Frans. Li se yon atakan ki te jwe pou AJ Thorigny (Lafrans), US Torcy Paris VMF (Lafrans), TSV Hartberg (Otrich), AS Rome(Itali), Estoril Praia (Pòtigal), PSG (Lafrans), Almere City FC (Lawolann). Pou kounye a, li ap jwe pou FC Omniworld (Lawolann). Li te jwe tou pou seleksyon U19 Lafrans lan kote l te jwe 9 match epi fè 2 gòl. Se apati ane 2025 lan li ta pral kòmanse jwe pou Ayiti.
Yassin Fortuné se yon jwè foutbòl Fransè ki gen orijinn li an Ayiti ak Aljeri. Li fèt nan vil Obèvilye, an Frans. Li se yon atakan ki gen 27 lane. Nan karyè li kòm espòtif li te jwe pou Red Star (Lafrans), Arsenal (Angletè), Sion (Lasuis), Angers (Lafrans, Cholet (Lafrans), Polissya (Ikrèn) ak QRM (Lafrans). Aktyèlman, li ap jwe pou FC Vizela. Nan zafè seleksyon, li te jwe pou Lafrans nan seleksyon U17 ak U18 la. Men, kounye a li ap jwe pou Ayiti nan 2yèm patisipasyon Koupdimond peyi a.
Frantzdy Pierrot se yon jwè entènasyonal Ayisyen ki gen 31 lane k ap jwe nan pòs atakan. Li fèt nan Balenbe, Okap. Pandan karyè li, li jwe pou Colorado (Etazini), Mouscron (Bèjik), Guingamp (Lafrans), Maccabi Haifa (Izrayèl), AEK (Grès) ki te prete l bay ekip Caykur Rizespor a (Latiki). Pou sezon 2022-2023 a, li te chanpyon Ligat Japanika a an Izrayèl ak ekip Maccabi Haifa a epi li te pran tou Super Coupe la ak li tou. Nan zafè seleksyon, Pierrot ap jwe pou Ayiti depi 2017 jiskounye a. Dayè, li se youn nan Grenadye ki kontribiye pou Ayiti te kapab kalifye pou 2yèm Mondyal li nan tout istwa foutbòl ayisyen an.

Wilson Isidor se yon jwè foutbòl Ayisyen ki fèt Rennes, Lafrans nan lane 2000. Aktyèlman, li ap jwe nan ekip Sunderland lan, an Angletè. Avan sa li te jwe nan SC le Rheu, Rennes B (Lafrans), Monaco(Lafrans), Laval (Lafrans), Borgo (Lafrans), Lokomotiv Moscou (Larisi), ak Zenith Saint-Petersbourg (Larisi). Pou sezon 2023-2024 la, li te chanpyon Premier League la epi pran Russian Cup la ak Zénith Saint-Petersbourg la. Epi pran Super Cup la ak yo pou sezon 2024-2025 lan. Nan lane 2021, li te revelasyon nasyonal ane a. Nan seleksyon menm, li te jwe pou ekip U17, U18, U19 ak U20 Lafrans lan epi li te chwazi vin jwe pou Ayiti nan mwa mas 2026 la. Sou 3 match ak seleksyon an, Isidor gentan fè 2 gòl sou 2 match sa ki fè yo rele li Isigòl. Pou Mondyal 2026 la, li se youn nan atakan Ayiti ka konte sou li pou met boul la nan gòl e li fè konnen li menm ak koyekipye li yo pa pral bay okenn piyay.
Don Deedson Louicius se yon foutbolè entènasyonal 25 lane ki ap jwe pou FC Dallas, Etazini. Li fèt nan komin Taba, li se yon atakan. Nan karyè li, Louis te jwe pou Hobro (Dannmak), ak d’Odense Boldklub (OB) (Dannmak). Nan seleksyon, li jwe epi fè plizyè gòl nan divès match enpòtan pou Ayiti. Pami yo, match kont Nikaragwa a ki te jwe 18 novanm 2025 lan kote li te fè yon gòl. Yon match ki te konte anpil nan kalifikasyon Ayiti nan Koupdimond ane 2026 la.
Josué Casimir se yon jwè Ayisyen 25 lane ki fèt nan vil Bèmawo an Gwadloup. Li se yon atakan. Nan karyè li, li jwe pou Havre AC ak AJ Auxerre, ki se kote li ap jwe aktyèlman. Pou sezon 2022-2023 a, li te chanpyon ak ekip Havre AC la e te pèmèt klèb la monte nan Ligue 1 an gras ak gòl li te fè nan final sa a yo te jwe fas Dijon a. Nan kesyon seleksyon, li te jwe pou ekip U16 Lafrans lan, li te jwe tou ak ekip U20 Gwadloup la. Aprè sa, nan lane 2025 li te aksepte jwe pou Ayiti.
Derrick Etienne Jr. se yon atakan Ayisyen ki ap jwe nan ekip Toronto a, Etazini. Li fèt nan peyi sa li genyen 29 lane. Nan karyè li, li te jwe pou New York, Cincinnati, Columbus, ak Atlanta United, tout klèb sa yo se Etazini yo ye. Nan lane 2016, li te ede ekip New York Red Bulls la pran chanpyona USL la ak koup USL la. An 2018, li te chanpyon Supporters’ Shield la ak New York kote se li menm ki te fè gòl viktwa a fas ekip Orlando City SC a. An 2020, li te chanpyon Major League Soccer a ak Campeones Cup la an 2021 ak ekip Columbus la. Nan zafè seleksyon, li kòmanse jwe pou Ayiti depi an 2016, depi lè sa a li kontinye ekri listwa foutbòl la nan fanmi li. Puiske gen plizyè nan manm fanmi l tankou papa l, Derrick Sr, sè li, Danielle (ki te jwe Koupdimond fanm yo pou Ayiti nan lane 2023), ak tonton li, Marvin, ki te jwe pou Ayiti nan kategori pa yo. Se pou sa li te deklare Federasyon Entènasyonal foutbòl asosiyasyon (FIFA) : « Nou la pou n genyen pa pou nou jis parèt ».
N ap raple, Ayiti ap jwe premye match li fas Ekòs 13 jen k ap vini la nan Boston Stadium nan. Dezyèm match la ap kont Brezil vandredi 19 jen an nan Philadelphia Stadium nan. Epi dènye match faz gwoup la ap kont Mawòk 24 jen Atlanta Stadium nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026




