Nan yon atak yo fè, bandi ak zam ki nan gwoup Viv Ansanm nan touye pou pi piti 7 moun epi boule sou komisarya Segen an nan lannuit lendi 13 pou louvri madi 14 avril 2026 la. Nan divès videyo ki ap pataje sou rezo sosyo yo, nou rive wè divès kadav jèn gason ki atè nan lakou sou komisarya a.
« Enfòmasyon yo ba nou ta gen youn nan pwòch bandi yo yo te kenbe nan zòn komisarya Segen, ebyen yo vini riposte yèswa epi yo viktim mesye sa yo », se sa ajan enterimè Marigo a, Danneau René, deklare sou Radyo Televizyon Karayib jodi madi 14 avril 2026 la. Li presize aprè atak sa a bandi yo te rive ale ak moun yo a. Pandan polisye yo te chape poul yo.
Pi lwen, li presize 7 moun ki viktim yo se pitit zòn nan ki toujou ap ede lapolis nan pwoteje popilasyon an.
Fòk nou di, anplis moun sa yo ki mouri a, bandi yo te pwofite boule 2 machin lapolis ki te nan lakou sou komisarya lokalite sa ki twouve l nan depatman Sidès peyi a nan kominn Marigo. Plizyè temwen fè konnen gen kadav bandi yo ta boule aprè yo finn touye yo. Se nan sans sa, enterimè a, Danneau René lonje dwèt li sou otorite yo, ki selon li menm pa janm pran mezi pou kwape bandi Kenskòf yo ki toujou ap vin fè move zak nan lokalite a.
Se pou tèt sa, li mande pou direktè jeneral lapolis la, André Vladimir Paraison, ak Premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé pou pran tout dispozisyon pou deplwaye polisye ak militè nan katye Segen. Se yon fason, daprè li, k ap pèmèt depatman Sidès la pa tounen yon teritwa pèdi.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



