Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) atravè plizyè inite arete ayè lendi 23 mas 2026 la direktè imigrasyon ak emigrasyon an, Antoine Jean Simon Fénélon ak 9 lòt anplwaye ki ta enplike nan trafik paspò. Selon enfòmasyon PNH la bay arestasyon sa antre nan kad ankèt Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) a ap mennen sou pwodiksyon paspò nan peyi a.
« Fòs lòd yo arete 10 gwo tèt nan DIE a pami yo gen direktè jeneral la ak kòdonatè a », daprè sa nou li nan yon kominike responsab jidisyè yo pibliye nan lannuit lendi 23 mas la.
Direktè pwodiksyon an, ki se Jean Osselin Lambert pami moun sa yo tou. Mete sou sa, yo fè konnen jij de pè ki te sou plas la te tou fèmen biwo pwodiksyon paspò yo.
Daprè lapolis, pakè Pòtoprens deja tande 10 sispèk sa yo. Pou kounye a, yo tout nan men DCPJ, ki li menm ap mennen ankèt pa li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



