Nan operasyon yo te tanmen ayè lendi 23 fevriye 2026 la, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen yo touye 6 prezime kidnapè nan komin Dèlma. Selon responsab yo, gen 2 ladan yo ki tonbe Dèlma 31, tandiske 4 lòt yo lapolis ta pral pran yo Dèlma 17. An menm tan, yo anonse gen 5 polisye ki rive viktim tou.
Nan eksplikasyon yo bay yo, otorite polisyè yo eksplike sispèk yo te nan 2 machin, tip SUV, kote yo te pare pou te tante kidnape moun Dèlma 48. Se nan konsa yo toulè 6 ta pral jwenn lanmò yo nan echanj kout bal ak fòs lòd yo pandan yo t ap eseye chape poul yo.

Nan menm operasyon sa a, lapolis fè konnen yo pran 8 zam, epi 3 machin. Yo anonse tou gen 2 polisye SWAT Team ak Brigad Entèvansyon (BI) ki mouri epi gen 3 lòt ki sòti blese.
Yon lòt kote, Direksyon kominikasyon Lapolis la (DICOP) te fè konnen yo arete samdi 21 ak dimanch 22 fevriye pase a 2 manm aktif yon rezo kidnapè. Moun sa yo se Jerry Facile ak Béatrice St-Fort. Pou kounye a 2 akize sa yo nan gadavi pandan y ap reponn kesyon anketè Direksyon Santral Polis Jidisyè yo (DCPJ).

N ap raple, samdi ki te 21 fevriye a 2 prezime kidnapè te tonbe anba bal lapolis nan zòn Dèlma 30. Se divès rezilta, selon PNH la, ki montre volonte li pou goumen kont gang yo epi kraze rezo kriminèl sa yo ki gen nan komin nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



