Jounalis Matiado Vilmé mouri ayè dimanch premye fevriye 2026 la aprè anviwon 2 lane t ap soufri anba yon kansè kolorektal. Pwofesyonèl laprès la rann denyè souf li kèk tan aprè l te fin ateri Ayiti, lakay fanmi l Doko, nan komin Petyonvil.
Avan sa, Ayisyen toupatou te mobilize pou te kontribye pou Matiado te rive al pran laswenyay lòtbò dlo. Aprè kontribisyon yo, jounalis la te rive kite peyi a pou al Meksik. Se la aprè 7 mwa tretman, medsen yo te fè konnen pa gen posiblite gerizon pou li.
Pandantan sa, nan lide pou te pase rès lavi l bò kote fanmi l, ekip ki t ap jere dosye maladi li a te rive fè demach jis li te rive Ayiti dimanch premye fevriye sa a lakay paran l.
N ap raple an jiyè 2024, jounalis la te sibi yon premye operasyon ki pote non “ablation du rectum” anplis 18 seyans chimyoterapi li te fè. Men, malgre tretman sa yo li te vin rechite prèske yon lane ane (16 me 2025). Pou kounye a, okenn dat poko fikse pou antèman li.
Matiado Vilmé ki te gen 36 lane se te manman 2 timoun. Li te yon travayè laprès kote li te travay pou divès medya tankou Radyo Tele Ginen ak VOA Kreyòl. Li te make sektè li a sitou aprè atak bandi ak zam te fè sou lopital jeneral 24 desanm 2024 la. Pandan li t ap goumen ak kansè li te toujou al travay sa ki te lakoz jou sa li te ede anpil konfrè ki te viktim nan atak sa.
N ap fè konnen selon yon rapò Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) te pibliye an 2020, kantite moun ki mouri anba tout tip kansè yo rive nan 9 173 (10.47%). Pou Ayiti, daprè Ajans Entènasyonal ki ap fè Rechèch sou Kansè (IARC) an 2022, se anviwon 9 014 moun ki mouri anba kansè tandiske gen 23 611 Ayisyen k ap viv ak maladi sa a.
KF: Tcharly Coutin
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



