Etidyan Wensdel Haurry Dorlus ki te akize nan lanmò Neïssa Tima a, mouri nan lannuit samdi pou louvri dimanch premye fevriye 2026 la 6 jou aprè li te nan koma. Dorlus te gen 21 lane li te nan 2yèm ane dwa nan Inivèsite Kiskeya. Li rann dènye souf li nan lopital Plurimedic daprè konsta jij depè Fritz Veus nan tèt kole ak pakè Pòtoprens.
« Nou konstate kò san lavi a », se sa jij depè a Fritz Veus te deklare nan mikwo Radyo Televizyon Karayib. Aprè li di yo fin bay lòd pou kadav la al nan mòg, li presize kò a ap toujou sou kontwòl pakè Pòtoprens e soulinye pyès moun pap gen dwa al sou li san otorizasyon yo. Se menm jan an tou pou kadav Neïssa Tima, yo asire yo gen kontwòl li.
Pi devan, li fè konnen medsen ki t ap okipe Dorlus la ta fè kwè koz lanmò a se ta entoksikasyon.
Komisè gouvènman an li menm, Fritz Paterson Dorval, nan deklarasyon l bay garanti pakè Pòtoprens ap fè limyè sou dosye sa yon fason pou tout moun, espesyalman paran yo, konnen tout bon vre ki sa ki te pase a.
Pou sa ki konsène pwosè vèbal konsta Ofisye Polis Jidisyè (OPJ) te fè sou kadav Neïssa Tima a, otorite lajistis yo fè konnen : « Nou jis wè se o nivo bouch etidyant lan yon pil bagay ki t ap sòti ». Se konsa, yo pwomèt y ap kontinye mennen ankèt pandan y ap tande tout moun pou yo tande yo.
Pami otorite jidisyè ki te prezan nan lopital la nan moman kadav etidyan an t ap ale nan mòg la nou jwenn : komisè gouvènman an, Fritz Paterson Dorval, sibstiti komisè gouvènman an, Louicher Jean Paul ak jij depè ki afekte Petyonvil la, Fritz Veus.
N ap raple, dosye sa enplike Neïssa Tima ki gen 19 lane fanmi li te jwenn li mouri nan machin Wensdel Dorlus depi lendi 26 janvye pase a. Paran Tima prezante Wensdel ak doktè Mackenzie Dorlus kòm gwo sispèk nan lanmò a. Tandiske nan lòt bò a, genyen Wensdel Haurry Dorlus ki aprè 6 jou nan koma rann dènye souf li lopital. Depi avan lanmò l, medsen Mackenzie Dorlus, ki se kouzen l, te deja fè konprann pa gen bouwo nan istwa a jan paran Tima te vle fè kwè l la, men se pito 2 viktim. Deklarasyon sa se yon fason pou te reponn ak opinyon piblik la ki jiskaprezan gen dout sou Wensdel.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



