Depatman deta ameriken pran dezisyon pou koupe viza 2 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak yon manm gouvènman an, san bay idantite yo, ayè mèkredi 28 janvye 2026 la. Selon gouvènman ameriken an, moun sa yo ta sipòte aktivite gang yo nan peyi a. Poutan, se yon desizyon ki vini aprè konseye Leslie Voltaire, Smith Augustin, Fritz Alphonse Jean, Louis Gérald Gilles, ak Edgard Leblanc Fils te fin siyen yon rezolisyon pou te revoke Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé malgre kominote entènasyonal la te lanse gwo pinga.
Daprè yon kominike anbasad Etazini an Ayiti te pibliye sou dosye a, yo eksplike mezi sa a pran daprè atik 212(a)(3)(C) Immigration and Nationality Act (INA) a. Se yon règleman ki entèdi tout moun k ap mennen move aksyon ki ta ka gen konsekans grav sou politik etranjè peyi Etazini, antre sou teritwa ameriken an.
Pi lwen, yo fè konprann sanksyon sa yo konsène tou fanmi pre 3 responsab yo. Pou sa ki gen pou wè ak lòt manm gouvènman an ki enplike a, menmsi yo pa bay non, men plizyè sous fè konnen se ta minis ekonomi ak finans lan, Alfred Metellus. Puiske se ta li 5 manm KPT yo te chwazi pou te dirije enterim nan, epi ranplase PM nan. Fòk nou di, malgre yo te siyen rezolisyon an, akoz Prezidan KPT a, Laurent Saint-Cyr pa dakò, dokiman sa toujou pa rive pibliye nan jounal Le Moniteur.
N ap raple, sa pa gen lontan depi responsab ameriken yo te deja sanksyone 2 manm KPT a. Sa ki fè, kounye a yo sanksyone ototal 5 responsab ayisyen pou ane 2026 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



