Malgre anbasad la te voye piga ba yo nan yon piblikasyon li te fè ayè mèkredi a, 5 konseye prezidan deside siyen pou revoke premye minis defakto a Alix Didier Fils-Aimé. Leslie Voltaire, Smith Augustin, Fritz Alphonse Jean, Louis Gérald Gilles ak Edgard Leblanc Fils se non 5 konseye sa yo ki pa vle wè Fils-Aimé nan tèt pouvwa a ankò.
« Nenpòt tantativ Konsèy Prezidansyèl Tranzisyonèl (KPT) a ki pa eli a ta fè pou chanje konpozisyon gouvènman an nan etap manda li ki trè avanse konsa, Etazini ta konsidere li kòm yon manèv pou febli objektif sa a e pakonsekan li ta san valè », se sa nou li sou paj anbasad Etazini an ki raple objektif yo se pou gen yon minimòm sekirite ak estabilite ki rive tabli an Ayiti. Kidonk, li menase li ap pran sanksyon kont kèlkeswa konseye a ki ta vle fè chanjman nan gouvènman an.
Daprè direktè egzekitif Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), Pierre Espérance, mache prese sa se ta paske konseye yo bezwen plis pouvwa nan peyi a. Nan yon entevansyon li fè sou Magik9 jodi jedi 22 janvye 2026 la, li fè konprann zak sa konseye yo ap fè a ap mennen peyi a nan move pas. Paske li deklare yo fè sa nan yon moman kote fòs lòd yo ap travay pou bay bon jan rezilta kont gang yo.
Menmsi konseye yo siyen rezolisyon sa a, Pierre Espérance fè konprann li pap ka pase nan jounal peyi a, Lè Moniteur, paske li fè kwè prezidan KPT a, Laurent Saint-Cyr ap bloke rezolisyon an.
Bò kote pa li, Laurent Saint-Cyr te reyaji tou pou fè konprann li pa dakò ak desizyon konseye yo. Se pou tèt sa a nan yon lèt louvri li te voye ba yo ayè mèkredi 21 janvye a, li te fè yo konnen : « M pap soutni okenn rezolisyon ki vize mete enstabilite nan gouvènman an nan moman 7 fevriye prèske rive a ». Se sa ki fè, pi devan li denonse tout tantativ pou kouri pran gwo desizyon sa yo san okenn dyalòg lajman laj nan lavi nasyonal la.
N ap raple, se pa premye fwa konseye yo vle revoke premye minis defakto a. Men fwa sa, malgre anbasad amerikèn voye pinga ba yo sa pa anpeche yo kontinye tèt bese nan demach sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



