Stephora Anne-Mircie Joseph se non ti Ayisyèn 11 lane sa ki rive pèdi lavi l nan yon sòti lekòl li, Institut Leonardo Da Vinci, te òganize 14 novanm 2025 lan. Nan yon sitiyasyon kote lekòl la pa bay okenn rezo lanmò timoun nan, manman an, Lovelie Joseph Raphael, pran chemen lajistis jiskaske l jwenn yon repons, daprè Tora Tv.
Selon medya sa a, fanmi an pran wout lajistis se paske yo estime lanmò timoun nan pa nòmal. Nan yon premye tan manman an deklare, timoun li an pa t malad alòske responsab lekòl la te rele l pou fè l konnen li pa t santi l byen, e te menm ap vomi pandan yo te nan Ranch Los Caballos la. Se ta yon fason pou te kache dram nan puiske Sephora te gentan mouri nan moman an.

Nan yon dezyèm tan, manman an fè konprann jiskounye a li poko jwenn rezilta otopsi kò a, alòske sa te dwe fèt depi yo remèt kadav la. Sèl rapò li ta resevwa ta fè kwè timoun nan mouri nwaye san okenn presizyon. Plizyè eleman avoka yo konsidere kòm neglijans epi mank enfòmasyon nan yon dosye enpòtan. Yon lòt kote, 2 avoka fanmi an, Shesnel Calcaño ak Miguel Díaz, denonse pwokirè ki ap jere dosye a puiske li te refize pran plent fanmi an avan li bay desizyon final la.

Medya dominiken yo rapòte tou viktim nan te fò lekòl sa ki ta fè anpil rimè ta lye lanmò li ak kesyon rasis ak diskriminasyon. Yon ipotèz direktè pwovensyal ministè edikasyon an, Pedro Pablo Marte, voye jete byen lwen daprè Diario Libre. Puiske li soulinye nan lekòl yo tout etranje jwenn menm treman ak ti dominiken.
Pou sa ki gen pou wè ak ankèt yo manman Sephora egzije pou l jwenn bon jan eksplikasyon. Se pou sa l deklare : « M pap akize pèsonn. M sèlman bezwen konnen sa k rive pitit mwen an. Se te sèl grenn pitit mwen.
Sephora te pami timoun lekòl la te chwazi pou remèt li pri ki te pou timoun ki te pi fò yo. Yo te mande la pou mennen timoun nan pi bonè ak yon chòdebeny. Yo defann daprè lalwa peyi a tip sòti sa yo entèdi sou teritwa a depi lane 2009. Daprè ankèt syantifik yo, lapolis jwenn ranch lan pa t yon kote ki sekirize sa ki fè aprè dram nan yo fèmen li pou yon ti tan.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025



