Nan yon kominike pou laprès Biwo Pwokirè Etazini distrik Ès Tekzas pibliye jedi 20 novanm 2025 lan, yo revele lajistis amerikèn arete 2 sitwayen ki sòti Tekzas paske yo dekouvri yo te gen plan pou vin touye tout gason sou zile Lagonav yon fason pou fanm ak tifi te ka tounen esklav seksyèl yo. Daprè otorite yo enfòmasyon yo jwenn yo montre plan sa kòmanse ap monte ant mwa dawout 2024 ak jiyè 2025. Yo jwenn yo te prevwa achete yon ti bato, zam ak bal, epi fòme moun k ap viv nan lari vil Washington pou te vin mèsenè pou te anvayi zile a pi byen, pou plan vyòl yo a te ka pi byen asire epi bay koudeta.
Gavin Rivers Weisenburg, 21 lane ak Tanner Christopher Thomas, 20 lane, se non 2 sitwayen sa yo lajistis met lapat sou yo pou konplo sa a. Men deklarasyon Pwokirè ameriken Jay R. Combs fè nan kad dosye a : « Weisenburg ak Thomas te gen lide touye tout gason zile a pou yo te ka fè fanm ak tifi tounen esklav seksyèl yo ».
Pou yo te ka reyalize move plan sa a otorite yo soulinye yo te aprann lang Kreyòl ayisyen an. Yo ajoute pou fè konprann Weisenburg te enskri nan Akademi Ponpye Nò Tekzas la pou te aprann kòman pou l kontwole e te vwayaje al Taylann pou te al pran kou sou kòman pou l mennen yon ti bato. Thomas li menm, yo fè konprann li te antre nan lame espesyalman nan US Air Force.
Mete sou sa, yo fè konnen yo gen akize yo tou kòm moun ki te fòse yon timoun fè videyo pòno. E yo ta jwenn videyo sa a sou aparèy mesye yo.
Si sa rive yo ta plede koupab pou konplo, rache moun osnon kidnaping nan peyi etranje, 2 mesye yo, daprè New York Post, ka pase tout rès lavi yo nan prizon. Anplis, si yo rekonèt yo koupab nan dosye timoun yo te fòse fè videyo pòno a, yo chak la kapab pase ant 15 ak 30 lane prizon.
Daprè kominike a jiskounye a akize yo se prezime inosan jiskaske yo jwenn prèv tout bon puiske se yon gran jiri ki akize yo. Men, biwo pwokirè a fè konnen deja gen gwo ankèt FBI, Biwo Ankèt espesyal US Air Force ak sèvis polis Celina ap mennen sou dosye a pandan pwokirè adjwen an, Ryan Locker ap mennen l.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025



