Pòtoprens, jounen vandredi 14 novanm 2025._ Pandan dènye jou sa yo gen gwo vakam sou rezo sosyal yo ant gwoup teyoris 400 mawozo ak fanmi Apaid nan komin Kwadèboukè. Sa ki vin debouche sou gwo batay ant lapolis ak bandi yo. Lanmò 100 jou ki se kriminèl san fwa ni lwa ki gen kontwòl yon bon pati nan zòn Laplèn nan te pibliye plizyè videyo. Ladan yo, li fè konprann li ta sezi plizyè sak machandiz ki ta sanble ak marigwana (bòz) nan izinn yon gwo zotobwe ki rele Andy Apaid.
Nan videyo yo, tout moun ka remake plizyè dizèn gwo sak fèy seche ki anpile ki ta vle sanble ak fèy bòz men pèsòn poko ka konfime vre, paske nou paka pran pawòl bandi yo pou levanjil. Yo abitye manipile lopinyon piblik la deja. Yo gen lajan, yo gen pouvwa epi yo gen medya pa yo ak gwo jounalis k ap trete epi manipile enfòmasyon yo pou yo. Men, nou paka fè silans tou sou tout machandiz yo pran pou granplantè yo tou. Fòk fanmi Apaid vin di nou ki sa ki nan sak sa yo, èske se fèy bazilik, èske se fèy asosi, fèy lalo osnon se bòz tout bon vre. Nou konnen yo ka pran nou pou egare, yo ka ba nou bwè verite yo vle.
Djyèl sa te kòmanse semèn pase a kote chèf gang Lanmò 100 jou te lage yon videyo sou entènèt la pou li mande Andy Apaid negosye avan sitiyasyon an dejenere. Sanble li pa te jwenn repons oubyen negosyasyon yo pa t ateri ki fè bandi yo atake biznis Apaid la. Ebyen chèf gang nan te fè elòj sou kijan li te kòdone atak sa a ak dwon li te mete anlè pou etidye sekirite izinn lan avan li te anvayi li. Li te fè konnen tout anplwaye ak sekirite yo te chape poul yo tèlman yo te tande gwo zam lagè t ap chante nan moman atak la.
Bandi yo lage plizyè lòt videyo pou montre tout materyèl ak dispozisyon ki te pran pou kiltive machandiz sa a. Tankou gwo machin pou konprese fèy yo, etajè ki fèt an bwa pou mete fèy la seche, laboratwa ak pwodui chimik pou rafine pwodui a ak gwo baraj kote yo plante fèy yo. Se yon gwo sistèm ki te mete sou pye depi nan plantasyon jiska pwodui final la. Nou paka di se fèy marigwana vre, men fòk nou admèt tou bandi yo pa egare, pifò nan yo konn fimen bòz, yo konnen sant li ak koulè plant lan.
Kounye a, nou rale ti chèz ba nou n ap tann otorite leta yo ak fanmi Apaid vin ba nou bon jan eksplikasyon sou sa izinn sa t ap pwodui, depi kilè pwojè sa sou pye, èske leta te ba yo otorizasyon pou fonksyone, èske leta jwenn taks sou pwodui sa yo san sa pa fèt anba tab. Oubyen fòk DCPJ di nou aklè si fanmi Apaid se gwo bawo dwòg nan Karayib la. Nenpòt jan sa ye nou dwe jwenn bon jan esplikasyon. Si se bagay ilegal ki t ap regle vre se pou yo mare gwo zotobre sa a tankou krab.
Bandi yo fè plizyè gwo akizasyon tankou yo dekouvri yon twou nan izinn nan ki ta chaje zo moun mouri epi kèk videyo debòch mesyedam boujwa yo. Yo montre foto plizyè paspò ameriken kòmkwa moun izinn yo ta gen plizyè nasyonalite.
Gen lòt gwo akizasyon tankou se kokayinn Apaid t ap pwodui nan izinn nan. Nou menm nou pap jwe jwèt teworis yo nan repete sa y ap di. Pwodiksyon kokayinn rive posib gras ak fèy koka (Erythroxylon coca) ki pa gen okenn rapò ak fèy mariguana. Men nou konnen plen lòt dwòg yo ka prepare ak fèy bòz la epi yo itilize li anpil tou pou fè medikaman nan gwo peyi yo.
Kidonk, si lapolis toujou ap arete moun nan geto yo ki sot achte 100 goud bòz, li dwe arete bawon yo tou epi fè yo peye gwo amann si ankèt yo ta vin konfime se marigwana yo t ap pwodui yon fason ilegal. Si nou al vizite paj Fesbouk Lapolis nasyonal la, n ap wè se pa 2 moun ki pa anba kòd pou marigwana. Oubyen, si otorite yo te okouran aktivite sa, yo dwe mete nou klè. Fòk jistis la balanse.
Yon lòt kote, plizyè inite nan lapolis la ak taksfòs la te mobilize jodi vendredi 14 novanm nan nan kad yon gwo operasyon kont bandi 400 mawozo ki pa te sispann toke kòn yo ak fòs lòd yo depi lè yo te fin pran kontwòl izinn Apaid la. Te gen 3 elikoptè ki t ap kontwole zòn laplèn nan epi simen bal sou sanzave yo ki te atè a. Lapolis di li sezi yon gwo zam ki pote non barèt et mete dòmi nan je plizyè bandi nan kad operasyon sa, pami yo yon sèten « Ti lyon » ki se bwa dwat chèf gang Lanmò 100 jou. Lapolis anonse tou yo te gen yon elikoptè ki te fè yon aterisaj fòse kote yo te retire 8 polisye ak yon pilòt epi rekipere tout materyèl enpòtan nan elikoptè a avan yo te pike dife ladan l.
Nan gwo djyèl sa a, nou wè gen yon gè kominikasyon k ap fèt sou rezo sosyal yo tou. Patizan gang yo mete grif yo deyò, yo pa sispann atake lapolis ak moun ki kanpe anfas gang yo. Blogè yo ap fè gwo lajan nan kad redifizyon videyo bandi yo ak layv (live) Tiktok kote y ap bay opinyon yo. Men nou menm kote pa nou, nou pap apiye ni bandi, ni raketè, ni moun ki nan trafik dwòg, trafik zam ak trafik ògàn. Menm si lajistis depatcha, nou toujou kwè nan kèk moun onèt ki vle sa chanje. Nou konnen gen kèk move grenn nan lapolis la, men se sèl grenn enstitisyon nou rete nan aparèy jidisyè a k ap fonksyone. Nou mete tout konfyans nou nan polisye onèt yo, nou apiye batay kont gang yo ak tout fòs !
Anplis kidnaping rakèt sou chofè machinn ak ti machann, kounye a gang 400 mawozo a jwenn yon lòt gwo bras ki se machandiz fèy yo ta sezi nan izinn Apaid la. Kidonk, si se fèy marigwana vre, bandi yo jwenn yon bon biznis ki pral rapòte yo plis lajan pou yo achte zam.
Nan moman disifil sa yo, peyi a bezwen sipò moun ki gen bon sans ki pap pran nan manipilasyon patizan gang yo ak fòs fè nwa a !
© Atik sa se byen prive Groupe Média MAGHAITI 2025



