Menm jan HMI la aprann ke mwen pa nan jazz la ankò, se menm jan maprann li tou, pa on lèt ke T-vice lage sou internet la.
Mwen te mande Roberto on reyinion lendi pase pou nou te ka pale sou nouvo mizik mwen te fe avek marven nan. pandan reyinion an, mwen explikel ke mwen te pito soti mizik la sou non pam olye de non t-vice paske mwen potko janm finn touche pou travay mwen te fe nan ansyen album t-vice lan ki soti depi 1 an.
Mwen ka konprann ke biznis la du nan moman an, men fok mwen jere biznis pam menm jan yap jere bizniz pa yo
Sim te lage mizik la sou non t-vice, plus moun te ka petet tandel; men kom mwen potko janm touche net sou ansyen album nan li patap on bon desizyon pou biznis pam
mpa bezwen di nou ke reyinion a robeto pat fe yo plezi men sa pa explike not yo lage a kap akizem ke mwen se chante on lot jaz. mwen pa gen okenn kontra signen ak pesonn. tout sa yo tande yo se rume ki komanse depi le ansyen mizisyen yo kite
Mwen gen kek vokal mwen te mete pou Dat7 men se pa yon sekre li ye ni ke mwen on solo atis pa on sekre non plis. Dat7 gen tout kalite moun ki mete vokal nan mizik yo kom ide, sa pa vle di ni youn ni lot se chante jaz la yo ye. met sou li, mwen gen vokal mwen sou music diferan jaz antan ke atis solo.
Tout separasyon pa mande lobey, chak moun gen dwa pou yo proteje biznis pa yo. men fok yo ka fel a respe. mpap pedi tanm ak tout istwa sa yo map tande yo ni mwen pap kontinye pale sou yo
Mwen kite tvice, mwen tounen, mpase bon moman ak move moman. map toujou sonje 8 an mwen fe nan jaz la ap travay ansanm ak amitie nou. sel sa mwen ka di se mesi a ekip tvice la ak on pi gro mesi a tout vre fanatik yo
Travay la fek komanse. map kontinie travay pou fanatik yo epi map kite mizik mwen yo pale
Mèsi

