Définitivement cela devient une habitude dans cette formation musicale; comme les membres ont l’habitude de le dire: « le nom s’explique, Zenglen, Djazz la fèt tou kraze », comme si c’était une chose a félicité.
En effet, Brutus a annoncé dans plusieurs médias et sur les réseaux sociaux, l’absence du keyboardiste, Daniel Eugene et du bassiste, Esdras Edouard, qui ont décidé d’abandonner la bande parce qu’ils n’arrivaient pas à s’entendre avec Eddy Germain, le tambourinaire.
Selon les autres membres restants, le staff va faire tout son possible pour remplacer ces deux musiciens puisqu’ils doivent honorer beaucoup de contrats pour la fin de l’année.
Voici une notre de presse que l’administration du groupe a publié sur facebook le 17 octobre 2014:
Sali tout moun!
Nou okouran de tout pale anpil, voye monte k ap fèt konsènan kèk mizisyen nan djaz la. Alòs, n ap pwofite de moman sa a pou nou pote eklèsisman sou sa k ap pale deyò a.
Apati de ayèreswa, se ofisyèl ke Daniel “Dano” Eugene ak Esdras “Drasso” Edouard pa nan ZENGLEN ankò. Desizyon sa a pa t fasil pou nou ditou, men nou respekte e aksepte li. N ap remèsye 2 mesye yo pou kontribisyon ke yo te pote a djaz la pandan yon lane edmi yo te pase avèk nou. N ap toujou rete konekte avek yo, e admirasyon nou pou talan yo pa p janm chanje. Nou swete yo bòn chans nan tout sa y ap antreprann nan lavi yo.
N ap fè tout fanatik nou yo konnen ke djaz la pa p kanpe. N ap vanse kòmsadwa avèk toune nou yo pou Otòn nan ak Ivè a apati de demen. Fanatik yo ap gen chans pou yo danse djaz la nan Florida; Nouyòk, Noujèze ak Konetikèt; Ayiti; Ozantiy; Kanada ak Lafrans.
N ap di tout fanatik djaz la pou yo rete tèt frèt; nou gen mizisyen ki deja la pou ranplase 2 mesye yo pou nou ka jwe angranmoun jan nou abitye fè li a. Lè sa posib, n ap fè tout moun konnen non mizisyen sa yo e si y ap avèk nou pou yon ti tan oubyen si y ap avèk nou definitivman.
Mèsi anpil pou moman ak atansyon an ke ou te akòde nou an. Nou apresye avèk tout kè nou tout sipò ke ou toujou prè pou w bay djaz la nan kèlkeswa sikonstans la. Kenbe la pa lage.
Franciyou Germain

