«Bagay sa, se yon istwa moun fou!!»
Nan elikoptè kap prese mennenl nan vil Omòl, Dyedone paka anpechel panse :
«Apa prezidan an kwè nan Tonton Nwèl mesye. Bon, kòm se yon atis, m`ka on tijan konprann sa. Men, kòman 2 ansyen militè, nèg ki gen tèt sou zepòl yo fè antre nan jwèt timoun piti sa.
Antouka, m`pral fè travay mwen an pwofesyonèl. Sakalakawèl».
Dyedone kòmanse ekri plan ankèt li sou yon tablèt elektwonik, pandan jel ap obsève peyizaj la kap defile. Nan moman elikoptè a ap vanse, kite Twarivyè dèyè, li santi yon gwo tristès anvayil. L`ap di nan kèl:
«Kèt! Gad on peyi k`ap gaspiye. Dlo Twarivyè al pèdi nan lanmè bò kote savann sèch kou ke pen. Tout arebò lakot, se bèl plaj, epi pa gen yon grenn touris pouki apresye bèl lanati. Sa pa posib!»
Poul pa santil pi enève pase jan li ye a, Dyedone oblije detache jel sou peyizaj la e, li eseye enterese gade mannèv pilòt la. Misye li menm, tankou li konprann gwo batay kap fèt nan tèt detektiv la, li fè yon ti siy, epi li di ak konviksyon:
«Jou va jou vyen, kòmandan, yon jou peyi a pral bon pou tout Ayisyen»
Apre kèk tan kote y`ap pale de zòn ke yo ap gade depi anlè a, pilòt la ateri sou yon ti teren toupre Fò Valyè. Jan sa te prevwa, yon jennonm sou yon moto te deja rete devan Fò a, ap tann Dyedone. San pèdi tan, misye demare motè a, vire touwon devan pye ajansekrè a :
«Operasyon leza»
Dyedone reponn menm moman:
«Janmdebwa pa grenadye»
Epi, nèg yo file, nan yon nyaj pousyè, pou yal jwenn depite Eloune nan restoran `Relè Boukan Gengèt` devan yon bèl plat lanbi ak bannann peze.
…………………………………..
Li te gentan onzè nan lannuit la, lè Dyedone, finalman rantre nan boungalo yo te rezève pou li nan `Relè Boukan Gengèt` la. Fatig tap krazel, men li santil gentan fè yon bon travay pandan titan li rive Omòl la. Bagay yo kòmanse on ti jan pi klè pou li. Apre rankont li fè ak kèk notab, san konte kesyon li poze kèk grenn moun nan lari, li vin konprann bagay yo pa jwèt.
Tonton Nwèl genlè se yon reyalite pou moun yo. Antouka, yo palel de Ton Nikola (alyas Tonton Nwèl) ki toujou bay timoun jwèt nan zòn nan. Men, sak bay misye ti pwoblèm, se paske dapre otorite nan lavil la, se Ton Nikola ki toujou bay tout gouvènman ki pase yo pil jwèt pou yo distribye nan tout peyi a pou timoun paran pa gen mwayen yo.
Lap panse:
«Kòman yon vye granmoun andeyò, ki dayè yo di pa janm soti nan lari, gen posiblite pou ap bay jwèt pou distribye nan tout yon peyi. Finalman, gen kèk bagay m`panse fò m`verifye».
Pandanstan sa misye santi on ti dòmi vle pati ak li, men on ti bri atire atansyonl. Se tankou se yon moun kap eseye louvri pòt boungalo a pou antre.
San fè bri, Dyedone glise sou planche a pou postel dèyè pòt la. Nan moman pòt la louvri, li sote sou moun nan, ba li yon kle kou, plakel atè epi kole yon revòlvè bò tanp li :
«Kimoun ou ye? Kimoun ki voyew?» Dyedone retire zam misye te gen nan menl, epi voye byen lwen nan chanm nan apre li retire bal yo.
Li pale fò ak yon vwa chenanraje:
«Reponn mwen, tonnè. Sinon m ap fout mete dis bal nan tèt ou.
-Fè pam, patwon. Fè pam! Mwen rele Joslen. Pa touyem souple»
Dyedone limen limyè nan chanm nan, li gade jennonm nan byen epi li menase pi rèd ankò:
«M baw senk segonn pouw dim ki moun ki voyew e ki kotem ka jwenn moun sa».
Joslen pran tranble. Men, devan koutje tèrib Dyedone ak priz nan gòj la ki preske toufel, li oblije avwe :
«Sa gen dezèd tan konsa, devan plas legliz la mwen jwenn yon etranje ki banm senksan dola, yon moto ak yon zam epi ki voyem vin touyew. M pa konn kotel desann, men m te wè li sou yon djip Minista».
« Yo kidnape Tonton Nwèl » (premye pati) http://maghaiti.com/yo-kidnape-tonton-nwel-premye-pati/
YO KIDNAPE TONTON NWEL (Pati 2) http://maghaiti.com/yo-kidnape-tonton-nwel-pati-2/
Daniel Alouidor

