Nan Panyòl
se la m gen zo grann
nan yon fòs
simityè Neyiba.
Nan Panyòl
anba pye zaboka
kòd lonbrit mwen tere
nan lakou La Vega.
Nan Panyòl
se la m fè lago
ak bèl ti gengenn
nan banyen Samana.
Nan Panyòl
se lam fèt.
Nan Panyòl
se la m konnen
se la m chouke
se la m donnen.
Poukisa
britsoukou,
yo vle pouse dom
dim sesi, dim sela
voyem jete laba.
Mwen se moun nan Panyòl
Menm siw wè m plis kafe
pase mwen chokola.
Mwen se moun nan Panyòl
menm si vye granpapam
pat ka di perejil.
Poukisa
sanzatann,
yo ta vle pou m tounen
kou ti chen ki san mèt
nan ravin Trou Chouchou.
Daniel Alouidor
nan ti liv «degrenngòch!!

