Sévère Aly se non polisye sa a ki ta vyole yon timoun 16 lane ki te nan gadavi nan komisarya Senmak la. Daprè Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) ki pa bay presizyon sou dat aksyon an pase a, zak la fèt anndan komisarya a menm. Se pou sa, Pwotektè sitwayen an, Me Jean Wilner Morin mande pou Enspektè jeneral Polis nasyonal Ayiti a (PNH), Frédéric Leconte, remèt sispèk la bay lajistis.
« Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) vle atire atansyon w sou yon timoun 16 lane nan gadavi komisarya Senmak la ki sibi vyòl anndan komisarya a menm. Kadejakè a se yon polisye ki pote non Sévère Aly », daprè sa nou li nan yon lèt Pwotektè sitwayen an voye bay enspektè lapolis la ki pote dat 30 oktòb 2025 lan.
Pi lwen, Pwotektè a mande pou responsab lapolis la asire l li trennen polisye a lajistis san bliye asire pwoteksyon timoun sa a pou l pa sibi menm zak la ankò nan men polisye a osnon nan antouraj li. Se konsa, li mande tou pou enspektè Leconte asire l timoun sa a jwenn bon jan laswenyay medikal ak sikolojik, tout sa yo se jan lalwa mande sa nan atik 31 lwa 12 me 2012 la.
Me Morin fini pou l di : Ofis Pwoteksyon Sitwayen gen je sou dosye sa a, epi espere l ap pousuiv paske se pa premye fwa fanm yo viktim vyolans seksyèl nan men kèk ajan Polis Nasyonal Ayiti a, espesyalman nan Grandans peyi a kote dosye yo tonbe nan dlo aprè negosiyasyon ki konn fèt ».
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025



