Yon jou aprè atis, Anie Alerte fin nonmen nan konkou Mizik Videyo Afrika Awards (MVAA) gwo pale anpli kòmanse fèt nan Endistri Mizikal Ayisyen an (HMI). Se yon sitiyasyon ki pèmèt anpil obsèvatè voye yon pinga bay fanatik ki antre je fèmen nan itilize kat kredi, ak voye lajan sou PayPal pou vote atis yo, osnon moun yo ki nan konkou afriken sa a.
« Se pa fè yo pap fè Awards la men se pwosesis la ki pou mwen se yon magouy. Se yon opòtinite pou yo fè kòb », se deklarasyon Nathan Fragelus fè.
Nan entèvyou gwoup Mag Haiti te gen ak li men tout sa li di li konstate : pou yon konkou k ap fèt an oktòb, idantifikasyon yo te dwe fèt sou baz travay atis yo sou tout yon ane. Alòske, pou rezon li di Anie nonmen yo se kèk reyalizasyon ki apèn fèt ki pa gen yon lane. Li site menm rezon yo tou pou Bedjine, ki gen anviwon 4 semèn depi l nonmen. Pi lwen, li mansyone gen 70 kategori, ak prèske 400 moun yo alòske yo toujou bay posiblite pou anrejistre moun toujou malgre se an oktòb y ap fè gwo seremoni remiz pri yo.
Nathan pa sèl moun ki gen dout sou MVAA a, enjenyè nan enfòmatik Louvens Valcin fè apwòch pa l yo konsa nan yon piblikasyon li fè sou kont fesbouk li jodi mèkredi a : « men kèk bagay ki fè mwen doute sou MVAA : « sit ofisyèl yo fèt sèlman depi mwa jen 2025, sa vle di li gen mwens pase 3 mwa depi li egziste. Pwopriyetè sit la kache idantite li. Menm jan Nathan te konstate li, Valcin endike yo pa gen yon bon prezans sou rezo sosyal yo. Li fè remake tou pa genyen twòp detay sou sit la sou ak sou ki moun ki dèyè òganizasyon an.
Kidonk, selon li menm, responsab yo gen posiblite pou fè yon pakèt kòb sou moun yo sitou sou kominote ayisyèn nan. E li presize se Zikomo Awards k ap resevwa lajan vòt yo. Pozisyon sa se prèske menm bagay la ak plizyè sipòte atis Anie Alerte ki ap mennen kanpay sa pou evite moun yo pèdi lajan yo.
Konsa tou, li soulinye yo pa di ni kibò lajan vòt yo prale ni pwosesis sou kijan yo fè Awards la ni pa gen yon mòd fonksyonman moun ka fè konfyans. Sa ki vle di, pou li menm, moun ki petèt ap genyen pri a pap menm ka jistifye li.
Li site Bedjine ak Anie Alerte kòm 2 atis Ayisyen ki fè plis aktyalite sou paj yo a. Sa ki pèmèt depi aprè nominasyon yo a anpil moun vin al suiv paj konkou sa a. Pandantan sa gen gwo dout sou notoryete MVAA an Afrik malgre yo gen 4 lane depi y ap fè konpetisyon sa a. Anplis sa, li fè konnen se ta se yon sèl antite, ki ta Zikomo Awards k ap jere yo pandan yo gen 2 sit diferan pou sèlman MVAA. Nan demach li yo, Nathan fè konnen efektivman Zikomo Awards te konfime yo yo gen afilyasyon ak MVAA Awards. Poutan, sa 2 antite ki nan 2 peyi diferan ki se Zambi ak Nijerya. Yon sitiyasyon ki pwovoke li konsidere l kòm yon mannyè pou yo fè pou fè plis lajan toujou sou kominote yo.
Komite MVAA a nan bò pa l anonse nan yon avi yo sòti jodi mèkredi 27 dawout 2025 lan, yo pral retire 5 moun pami moun yo te nonmen yo. Rezon an se ta paske yo di gen yon mank nan kondisyon legal pwosesis nominasyon yo. Desizyon sa, daprè yo se pou kapab kenbe entegrite, ekite ak tèm selebrasyon ekselans ane sa a.
Pou sa ki gen pou wè ak vòt yo men preyokipasyon Nathan yo : « Poukisa chak nominasyon pou atis la moun yo oblije vote ak yon lòt lajan ? ». Sitou lè nou konsidere 3 tarif pou tout vòt yo se : 5 dola, 50 dola epi 100 dola vèt . Nan sans sa, li deklare sistèm sa responsab yo itilize a gen gwo dout sou li puiske gen plizyè ka magouy ki fèt konsa deja.
Si nan yon premye tan, chantèz Anie Alerte te deja avèti nan yon videyo li te pibliye ayè madi 26 dawout 2025 lan, pou fanatik li yo pou pa mete lajan yo nan sa. Tout sa se paske li te di li pa konn anyen sou konkou a e okenn responsab pa t ekri l fòmèlman. Poutan, menmsi kèk èdtan aprè li te envite moun al vote l sa pa anpeche li toujou montre dout li tou. Puiske nan divès lòt mesaj li te repataje sou paj li li montre li t ap prefere sipòte li yo achete albòm Vwayaj gwoup Zile a olye yo depanse lajan nan anrichi moun MVAA Awards Africa yo.
Si nan konkou sa gen 5 Ayisyen ki te aksepte nominasyon yo a, plizyè sous revele atis Vanessa Désiré te jwenn menm òf la, men li pa t dakò antre ladan l. Annatandan, genyen Bedjine, Anie Alerte, ak K-dilak kòm atis ki nonmen nan 2 kategori diferan. Genyen Sarah DeGraff kòm otè ki nan 2 kategori tou ak DivFarrah ki nan youn.
Ofinal, Nathan Fragelus konseye moun yo fè anpil pridans ak mwayen y ap itilize pou vote yo, paske se peyi Nijerya ki gen plis vòl nan sans sa a. Pou sa ki gen pou wè ak nominasyon nan pwosesis legal yo, li rete pou konnen kilès 5 moun sa yo responsab yo konte retire nan konkou a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025



