Schultz Laurent Junior ki se jounalis ak ekriven Ayisyen mouri anba kout kouto byen bonè madi 28 oktòb 2025 lan nan avni Wadsworth ki twouve l nan katye Philadelphia, Etazini. Selon NBC10 Philadelphia, otorite yo deja louvri yon ankèt sou dram sa a, men jiskounye a poko gen pyès arestasyon ki fèt.
« Lapolis deklare li poko gen rezon ki mennen lanmò a ni poko gen pyès arestasyon ki fèt », daprè sa medya a pibliye. Pandantan sa fanmi, kolaboratè, elèv ak etidyan ap kriye akoz sitwayen ki viktim nan dram sa a pa lòt sinon jounalis ak ekriven Schultz Laurent Junior.
« Kè m brize, Bondye m nan ede m », se mesaj sa yon sè li, Mafouna Laurent pibliye sou paj Fesbouk li ak yon foto li te fè ak defen an.
« Kèk tan avan ansasinay li, li te voye dènye atik li ban mwen. Nouvèl sa ravaje m », se mesaj sa Junior Antoine ki se kolaboratè l nan Le Nationale ekri pou eksprime doulè l. Pi lwen li deklare : « zanmi m, frè m, inyoran ki wete lavi w la pa konprann e pap janm konprann mal li fè tout peyi a ».
Bò kote ansyen elèv yo menm plizyè nan yo pa sispann pale sou kijan lanmò sa fè yo mal. « Rete !!! M sezi. Malgre anpil divèjans m te ka genyen ak li, Mr Schultz rete youn nan tou meyè pwofesè m janm pase nan vi m », se reyaksyon Holly Godson Guirand ki montre kòman nouvèl sa fè mal.
Schultz te papa 3 timoun li te genyen 51 lane. Li se te jounalis kiltirèl depi anviwon 20 lane kote li te kolabore ak plizyè medya tankou Le Nouvelliste, Le National, C3 Hebdo, Écho Ayiti osnon La Scène. Li te pwofesè nan divès lekòl an Ayiti. Nan sa ki gen pou wè ak zèv li ekri nou jwenn : Et si mon cœur te chantait, Bouquet d’amour, Cime et Océan et Et sur les traces de l’aube.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025



