Nan yon dokiman 5 paj yon tribinal ki nan vil New York ki pote dat 17 septanm 2025 lan, yo fè konnen mayestwo Dener Ceide kondane pou l peye yon milyon dola vèt pou non « Zafem » l ap itilize depi plizyè lane. Desizyon sa pran aprè 2 ayisyen, Wiss Joseph ak Marie Joseph t al depoze plent kont atis la poutèt yo estime li vòlè non antrepriz yo ki rele « Zafem World Entertainment ». Nan dokiman an yo eksplike avan dezisyon sa te sòti te gen plent ki te depoze, men yo di atis la pa t janm deside reponn, sa yo tradui kòm yon aksyon “volontè”.
« Kòm nou estime se fòt akize yo si moun ki pote plent yo paka pwouve lajan yo pèdi tout bon vre, tribinal la ap pèmèt akize yo peye yon milyon dola vèt pou domaj enterè legal yo », se sa nou li nan dokiman an. Nan menm sans lan, yo presize pou tribinal la te aksepte dosye sa, Wiss ak Marie te oblije montre yo se mèt mak la e ki byen anrejistre, yo te montre non Zafem akize a ap itilize a se nan lide pou pyeje konsomatè yo pou fè yo konprann se ta yo ki mèt li, montre li itilize non an san konsantman yo, epi montre li repwodui menm mak yo a nan vann, distribiye osnon fè piblisite yon pwodui. Tout sa yo selon atik 43 lwa Lanham yo site.
Pou sa ki gen pou wè ak prèv yo, rapò sa ki pote siyati Jij Brian Cogan nan, soulinye mak « Zafem World Entertainment » lan ki pou moun ki depoze plent yo anrejistre depi nan lane 2021. Aprè yo te fè anviwon 10 lane ap itilize l nan pwomot konsè mizik, dans ak evènman plezi kominote ayisyano ameriken an. Pou mak Zafem ki pou atis Ayisyen Dener Ceide la, yo mansyone li te tante anrejistre non an nan mwa me 2023, pou aktivite mizik. Men, yo eksplike Unites States Patent and Trademark Office (USPTO), ki se enstans ki jere dosye sa yo Etazini, te refize demann nan.
« USPTO te refize demann nan paske se t ap yon abi pou tantativ itilizasyon mak demandè yo. Yo te estime itilizasyon non Zafem nan t ap yon vyolasyon dwa mak moun yo ». Pou kontinye, yo fè konnen malgre tout sa, Dener Ceide te kontinye itilize non an pou te pwomote mizik ak fè aktivite plezi pandan yo menm kreye sit web : Zafemmusic.com epi sòti albòm. Sa ki fè li te inyore plent Joseph yo te depoze kont li a.
Pou demann jijman pa defo Wiss ak Marie Joseph fè a, Tribinal la nan yon bò deklare : « Akizasyon prezime ki nan plent lan mete ak absans repons akize a pou rekèt jijman pa defo a sifi pou di zak la te volontè ». Yon lòt bò, yo fè konprann malgre yo te bay tout prèv yo, Joseph yo pa t rive bay tribinal la okenn baz pou ta enpoze Dener Ceide peye 2 milyon dola amerik jan lalwa di l la. Puiske yo di absans li peze anpil nan dosye a paske yo pa konn anyen sou kantite lajan li antre ak gwoup Zafem nan e konbyen lajan li fè « Zafem World Entertainment » pèdi tou. Se rezon sa fè se yon milyon dola jij Brian Cogan vle pou Ceide bay kòm dedomajman
Pou fini men sa dokiman jidisyè a revele : « Nou resevwa rekèt demandè yo (moun ki pot plent yo) jan nou eksplike l la. Konsa, ap gen yon jijman pa defo ak yon enjonksyon k ap fèt apa jan atik 58 (a) règ federal pwosedi sivil la di li a ».
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025



