Marc Louis Bazin se ekonomis Ayisyen ki te plis pèfòman e ki te jwenn respè nan kominote entènasyonal la. Malgre kapasite l, li pa t janm rive prezidan. Poukisa non Marc Bazin te konn met divizyon konsa?
Li pa t yon politisyen menm jan ak lòt yo. Li te yon ekonomis ki te fòme pou jere chif, pa pou l te jere pèp ayisyen an. Li fèt 6 mas 1932 nan vil Senmak, li te make lavi politik ayisyèn nan pandan plis pase 30 lane, san li pa t janm rive nan tèt peyi a. Se te yon ekonomis ki te chaje ak talan, li te fòme Lafrans. Li te espesyalize nan devlopman ekonomik, politik piblik ak finans entènasyonal. Li ta pral kòmanse karyè pwofesyonèl li nan Bank mondyal. Se la tou li te gen chay pou te jere divès misyon an Afrik.
Aprè l fin tounen an Ayiti an 1982, li te bay imaj yon teknokrat : li te serye, kalm, epi rasyonèl. Li te vin minis finans sou rejim diktatè Jean-Claude Duvalier e te eseye konbat koripsyon san jwenn rezilta li te swete a. Moun ki te nan gouvènman sa a, ki te yon pakèt kowonpi, te konn rele l « Mesye Pwòp ». Li te demisyone kòm minis finans sèlman 5 mwa aprè l te pran fonksyon. Aprè sa, li te vin repran fonksyon nan Bank mondyal.
https://youtu.be/IHwRQ8JWMb4?si=aar4K6rG0YcY5cpS
Aprè Duvalier fin tonbe nan lane 1986, li retounen an Ayiti pou l te kreye pati politik ki te rele Mouvman pou Retabli Demokrasi an Ayiti (MIDH). Nan lane 1990, li te patisipe nan premye eleksyon lib an Ayiti, se te Prezidan ameriken Georges W.Bush ki t ap sipòte l. Pou anpil moun, li te twò lwen pèp la paske l te twò enplike ak elit epi enstitisyon etranjè yo. Nan eleksyon sa yo, anplis repwòch yo men li te an fas Jean-Bertrand Aristide ki se yon pè ki te popilè anpil. Se li menm ki ta pral genyen batay la ak 67,5 % vwa, tandiske Bazin te fè sèlman 14,2%.
Aprè koudeta militè kont Jean-Bertrand Aristide la nan lane 1991 lan, prezidan pwovizwa Joseph Nérette te nonmen Marc Bazin kòm Premye minis sali piblik nan yon arete li te pran 4 jen 1992 la.
Administrasyon sa te genyen gwo tou vid ladan l, e te pase youn nan pi move moman ki te ka genyen nan istwa politik la. Paske nan tan sa, pouvwa a se te nan men lame a li te ye, yo te gen nan tèt yo jeneral Raoul Cédras. Nan dat ki te 8 jen 1993 la, Bazin te deside demisyone kòm Premye minis.
Depi aprè sa, li te pran yon gwo poz nan lavi politik la. Men, nan 2yèm manda Jean Bertrand Aristide la nan lane 2001, yo te vin nonmen l kòm minis Plan ak Koperasyon Ekstèn. An 2002, li te vin minis « sans portefeuille » pou te mennen negosiyasyon yo.
Nan lane 2006, li te tante chans li nan eleksyon prezidansyèl yo toujou anfas Preval. Fwa sa li te fè 0,68 sifraj yo ki te egal ak 13 136 vwa pami kandida yo.
Bazin mouri 16 jen 2010 nan lakou Pòtoprens akoz maladi kansè. Li te gen 78 lane.
Èske Marc Bazin te twò dan devan sou tan an ? osnon èske li te dekonekte ak reyalite popilè ayisyèn nan ?
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



