Nan yon moman gen divès operasyon nan plizyè zòn nan peyi a, Lapolis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen jodi jedi 5 fevriye 2026 la, Koredisid fè yo kado 3 cha blennde ak chèn pou konbat ensekirite a. Pandantan sa, genyen Etazini li menm ki te voye 3 bato lagè vin siveye lanmè Ayisyen an jou ki te madi 3 fevriye a.
Daprè direktè jeneral PNH la, André Vladimir Paraison, nouvo ekipman sa yo ap ka fè bon jan travay penetrasyon nan kad batay kont gang yo nan peyi a. Se pou tèt sa li deklare nan yon piblikasyon li fè sou rezo sosyo l yo : « Mwen ak Wo kòmandman PNH la gen yon sèl objektif : Operasyon ».
Yon lòt bò, genyen Etazini, atravè ministè Defans yo a, deplwaye 3 bato nan lanmè Ayisyen an. An menm tan, yon avyon militè yo te ateri nan Ayewopò Toussaint Louverture a ayè mèkredi 4 fevriye a. Mete sou sa, enfòmasyon yo fè konnen ra dwe gen divès elikoptè k ap fè patwouy nan syèl la apati demen vandredi a. Selon yo menm, prezans sa a sou teritwa Ayisyen an se yon fason pou montre jan yo vle kontribye nan tabli sekirite ak lapè nan peyi a.
N ap raple, prezans militè ameriken yo nan peyi a kèk jou avan 7 fevriye rive. Yon dat ki vle di manda 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo (KPT) ap fini menmsi yo pa rive akonpli misyon yo ki te pou fè eleksyon an Ayiti. Pandantan sa, gen plizyè nan yo ki te vle jete Premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, youn nan otorite ameriken montre klè kou dlo kòk l ap sipòte.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2026



