Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) nan tèt kole ak gouvènman defakto ayisyen an mete yo dakò sou yon dekrè elektoral yon fason pou eleksyon yo kapab fèt prese prese nan peyi a. Dekrè elektoral sa a pibliye ayè lendi premye desanm 2025 lan nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur.
« Lè n konsidere nou dwe fè eleksyon ki san fòs kote nan yon ti tan tou kout pou vini ak lòt tèt politik nan tout nivo nan leta a, nou deside bay prensip sa yo pou eleksyon Prezidansyèl, lejislativ ak kolektivite teritoryal ak endirèk yo », daprè sa nou li nan dokiman sa ki pote siyati 9 Konseye prezidan yo. Dezisyon yo konsène dispozisyon jeneral yo ak enstitisyon elektoral ak ògàn yo.
Pou sa ki konsène dispozisyon legal yo nou jwenn 5 atik ki pale sou modalite eleksyon yo. Genyen sifraj inivèsèl ak sekrè ki gen nan ladan l sifraj dirèk kote elektè yo chwazi pwòp reprezantan yo pami kandida yo. Sifraf endirèk, kote yon kò ki gen dwa sa ap kapab chwazi eli yo epi sifraj inivèsèl ki rekonèt dwa vòt tout sitwayen yo nan kondisyon lalwa prevwa sa. Yo soulinye pati sa gen ladan l asanble elektoral la ki gen ladan divès elektè yo, enfòmasyon sou vòt yo, pati politik yo, moun andikape yo.
Nan sa ki gen pou wè ak misyon, konpozisyon ak atribisyon Konsèy elektoral la, yo raple enstitisyon sa la pou l planifye, òganize jere epi gen kontwòl tout operasyon elektoral yo sou tout teritwa nasyonal la jiskaske rezilta final yo pibliye. Pi lwen, fè presize 9 manm Konsèy elektoral la se menm yo menm ki nan Konsèy administratif la e se yo menm yo abitye rele kolèj elektoral la.
Yo fini pou di : « okenn manm kolèj elektoral la osnon pèsonèl administratif pa ka mennen aktivite ki gen rapò ak politik ni yo pa ka gen konpòtman ki sanble ak yon reprezantan politik ».
N ap raple, Jacques Desrosiers se nouvo prezidan KEP a. Li gen bò kote l vis presidan Jaccéus Joseph ki reprezante sektè peyizan an, trezorye Nemrod Sanon pou sendika yo, sekretè Peterson Pierre-Louis pou sektè potestan an, Schnaïda Adely pou sektè vodou a, Yves Marie Édouard pou fanm yo, Rose Thérèse Magalie Georges pou dwa moun ak Marie Florence Mathieu ki reprezante inivèsite yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025



