Fédora Vitté se non yon tifi 14 lane ki mouri ayè dimanch 11 janvye 2026 la aprè li te fin resevwa yon bal nan men yon polisye nan li t ap selebre anivèsè li ak fanmi li Jakè Toto, Dèlma 95. Selon yon sous nou ka fè konfyans, timoun sa rive pèdi lavi l pou yon dosye fil kouran ki te enplike manman l ak polisye sa a yo konnen sou non Ricardin alyas Toky.
« Zòn nan aktyèlman, timoun kou granmoun ap kriye », daprè deklarasyon yon abitan nan zòn nan ki eksplike nou polisye a te pouse manman Fédora malgre se yon moun ki fè sik e ki sou beki.
Daprè sous nou an, te gen bouch louvri ant Ricardin ak manman viktim nan pou yon fil kouran ki ta kase. Se nan moman sa tou, nan lide pou te defann manman l ki sou beki, li ta pral resevwa yon bal nan tete gosh li. Selon temwanyaj nou jwenn, nan moman aksyon an te pase a polisye a sanble te sou. Malgre yo te kouri ak li lopital, sa pa t anpeche Fédora te rann dènye souf li nan wout. Plizyè imaj k ap pataje sou rezo sosyal yo montre kadav timoun sa a sou yon chèz woulant ki kouvri ak yon dra blan.
N ap raple, sa pa gen lontan depi polisye Nelson Prud’homme alyas Black Nenel te, bò kote pa l, touye 2 chofè Dèlma 40 A paske machin mesye yo te kase yon fil kouran pandan yo t ap pase nan zòn sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



