Nan yon konferans pou laprès Ayè lendi 16 mas 2026 la, fanmi ak medya yo mande liberasyon jounalis Osnel Espérance ki ap travay pou Uni FM ak Junior Célestin ( Radio Télévision Mégastar). Selon fanmi 2 pwofesyonèl laprès yo, yo pa gen nouvèl yo depi vandredi 13 mas 2026 la.
« Jiskaprezan nou poko gen okenn nouvèl si yo an vi si yo mouri », daprè deklarasyon responsab Radyo Uni FM nan, Danielo Fequière. Li eksplike mesye yo te efektivman nan zòn anba lavil nan jou sa a puiske yo te al fè yon repòtaj.
Bò kote pa Radio Télévision Mégastar, yo fè konnen yo about ak sitiyasyon sa paske yo di yo pa janm sispann viktim nan moman ensekirite a. Responsab la te site ka jounalis Josselin ki te blese nan atak lopital Jeneral la 24 desanm 2024 la kote kounye a leta abandone l. Li soulinye tou lokal yo ki te pase anba flanm dife, epi dènye ka a se ta kidnaping jounalis yo Junior Célestin. Se pou tèt sa, yo mande pou otorite jidisyè yo mennen ankèt prese prese pou konnen si 2 mesye yo toujou an vi, e mande tou pou kidnapè yo libere yo san kondisyon. Paske li fè konnen jounalis yo pa nan lagè, ni yo pa la pou jere konfli.

Pou sa ki gen pou wè ak fanmi 2 pwofesyonèl laprès yo, yo chak bò kote pa yo pa t ka kenbe dlo nan je yo. Pandantan sa yo menm tou yo te fè yon sèl pou mande liberasyon mesye yo.
N ap raple, Asosiyasyon jounalis Ayisyen yo (AJH) li menm tou te denonse zak sa a nan yon nòt yo te pibliye ayè lendi a. An menm tan, yo te pwofite kondane atak bandi ak zam te fè lakay jounalis Radyo Kiskeya a, Marvel Dandin an nan lannuit ki te mèkredi 11 pou te rive jedi 12 mas pase a. Pandan yo mande liberasyon Espérance ak Célestin yo mande otorite yo pou sekirize medya yo ak jounalis yo yon fason pou yo sispann viktim.
Aprè disparisyon 2 jounalis yo divès enfòmasyon ta fè kwè yo ta mouri. Men pou kounye a poko gen okenn evolisyon sou dosye sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


