Pòtoprens, jounen dimanch 27 jiyè 2025 lan._ Depi kèk mwa n ap suiv avèk atansyon gwo jefò Joverlein Moïse ap fè nan domèn lakilti a. Li byen lanse karyè mizikal li, atis la pwòp, li bay bèl imaj sou entènèt la ki lakoz li kòmanse atire atansyon piblik la sou li. Se gwo jefo k ap fèt li mande bon jan bravo.
Men nan obsèvasyon nou, nou rive konprann pitit ansyen prezidan an pwofite pwojektè ki sou li a pou li tou mennen yon batay pou li jwenn jistis pou papa l. Sa ki nòmal, paske pwovèb la di “ak baton ou gen nan men w se avè l ou pare kou.”
Men, nan konba Joverlein Moïse ap mennen an, nou wè li souvan ap rejui nan kalamite pèp la. Lè sitiyasyon an mangonmen, li abitye poste sou paj li ti mizik opozisyon an te konn ap jwe nan manifestasyon yo ki di « Si nou pa voye Jovenel ale n ap mouri… ». Kidonk, se tankou atis la kontan sa k ap pase nan peyi a, li kontan paske menm gang G9 ki te konn sipòte papa l yo pran kapital la an otaj epi kòmanse pran lòt kèk gwo lòt komin. Jodi a tout patizan Jovenel yo ap aplodi Joverlein nan tout sa l ap fè, nan tout sa l ap ekri sou rezo sosyal yo. Pou kounye a, pèsonn moun paka bay opinyon yo sou nèt la paske Jovnelis yo ak sipòtè gwoup teworis « Viv Ansanm » yo, ka akize w kòm moun ki te patisipe nan konplo pou te touye prezidan an.
Detanzantan chèf gang Babekyou ap poste videyo pou fè konprann l ap batay pou bay ansyen prezidan Jovenel Moïse jistis. Pandantan sa li toujou pwofite voye mesaj solidarite bay pitit la ki li menm met pye l ap mennen batay pa l nan fason pa li. Fòk li sonje menmsi ta gen yon sanblan menm batay k ap mennen, nèg ak zam sa yo se teyoris k ap simen laterè nan mitan pèp ayisyen an. Pèsonn moun pa ta dwe lejitime zak endividi sa yo paske sa yo di se pa sa yo fè. Sosyete a dwe klè sou sa gang pa ka retabli lapè ak bay jistis an Ayiti.
Nan konsta nou yo nou wè lèt louvri Joverlein te voye bay sekretè deta ameriken an Marco Rubio, jou ki te mèkredi 23 jiyè 2025 lan. Fòk nou di se yon lèt ki byen ekri, ki touche kèk aspè enpòtan nan dosye lanmò ansyen prezidan an. Nou dakò ak li kote li mande Marco Rubio pou pa voye gwo chabrak yo arete nan kad dosye sa tounen an Ayiti, paske sistèm jistis peyi nou an ajenou gras ak administrasyon Michel Martelly a epi Jovenel kote pa li te fini rès travay la.
Te gen yon pakèt ti jwèt anba tab lè papa w t ap mete jij yo. Li te asire l li te pran kontwòl Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) k ap batay kont magouy epi li te retire pouvwa lakoudèkont aprè non li te fin site plizyè fwa nan rapò Petwokaribe a. Sa ki fè li parèt klè si se pou pouvwa jidisyè poupetwèl sa papa w poko nan koze jwenn jistis la ditou.
Nou estime gen kèk pwen ki enpòtan ou bliye mete nan lèt la. Ou te dwe mande Marco Rubio pou li louvri yon ankèt sou ajans CIA ki te kite gòl a men sa pase a. Tout konplo a fèt sou teritwa ameriken an, zam yo se la yo te sòti, anplis te gen yon konpayi ki t ap rekrite mèsenè se kay Tonton Sam lajan konplo a te bwase, kòman fè CIA te kite konplo sa pase fasil konsa ? Epi tou, lajistis an Ayiti pa gen okenn prèv solid nan men li sou dosye zak ansasinay ki te fèt sou prezidan an nan lannuit 7 jiyè 2021 an. FBI te antre jan li vle pou li te sezi tout prèv enpòtan yo kay ansyen prezidan an.. Yo gen tout imaj kamera yo, yo gen zam mèsenè yo, dwon, ak po katouch ki te tire jou sa a, ak anpil lòt dokiman enpòtan yo te jwenn kay ansyen prezidan an.
Fòk nou raple tou, blan meriken te deside kite 20 ti mèsenè kolonbyen yo nan men lajistis ayisyèn, paske yo konnen byen moun sa yo pa te gen aksè ak enfòmasyon sansib yo. Yo te sèlman rekrite yo pou yo te fè yon djòb sal. Men, se ameriken jiskounye a ki kenbe tout aktè kle yo nan prizon lakay li.
Ban nou rafrechi memwa ou sou moun ki nan men lajistis amerikèn yo: - Joseph Vincent, yon ansyen enfòmatè DEA ki te plede koupab nan dosye sa nan lane 2023 ; - James Solages, se li ki te rekrite mesenè yo. Li te plede koupab nan lane 2023 tou ; - Germán Rivera, se li ki t ap kòmande mèsenè yo. Li menm tou li te plede koupab an 2023 ; - Mario Antonio Palacios, se youn nan mèsenè ki te antre anndan kay prezidan an ; - Rodolphe Jaar, youn nan moun ki te bay mwayen ak zam pou te mennen operasyon an. Li te plede koupab an 2023 epi lajistis ameriken te kondane li pou li pase tout rès vi li nan prizon ; - Christian Emmanuel Sanon, moun ki te anvi ranplase Jovenel sou pouvwa a ;
Sa montre lajistis amerikèn gen tout resous yo nan men li, e se yo ki dwe ba w rapò nan dosye lanmò papa w la… Se pwen enpòtan sa yo ou te dwe ajoute nan lèt ou te voye bay Marco Rubio a. Malerezman, twò fokis sou kèk arestasyon fè ou bliye pèsiste sou plizyè eleman ki gen rapò ak ansasinay la. Menm jan ou te di l, se vre krim san parèy sa se sou teritwa ayisyen an li bout men tout endis ki revele deja yo montre se sou teritwa ameriken an li te planifye. Se vre gwo chabrak sa yo parèt sispèk sispèk nan dosye sa a, paske efektivman yo te konn kolabore ak papa w ase byen nan epòk kanpay elektoral li a poutan aprè li te fin prezidan li te ba yo bwa long kenbe.
Pou fini, n ap di w kontinye batay la paske li enpòtan pou tout moun konnen kilès ki gen men yo tranpe nan lanmò Jovenel Moïse la. Nou ankouraje w kontinye batay la, ou sou bon wout la. Men pa bay tèt ou manti paske wout la long anpil epi li glise. Se pou sa, li t ap bon pou w fè divès analiz. Ou dwe gade sektè ki te apiye papa w nan eleksyon an epi gade poukisa yo te divòse. Ou dwe voye je sou gwoup politik ki te mete papa w devan sèn politik la epi jwenn poukisa sa pa t kontinye.
Epi tou ou dwe ankouraje ansyen bèlmè w, Martine Moïse, pou al reponn kesyon lajistis sou sa ki te pase a tou. Pou sa ki gen pou wè ak pèp la, n ap di w li pa gen anyen pou wè nan zak ansasinay sa a, kidonk sispann ba li madichon !
Atik sa se pwopriyete prive Gwoup Medya MAGHAITI 2025



