Menm jan yo te anonse l, ayè dimanch 15 fevriye 2026 la fanmi Neïssa Tima, etidyan yo te jwenn mouri nan machin Wensdel Dorlus la, nan tèt kole ak plizyè lòt moun te manifeste nan lakou Petyonvil pou te mande jistis pou viktim nan. Pandan tout pakou a, moun sa yo te gen yon mesaj klè ki se : « Lajistis pran responsablite w ».
« Jistis, jistis pou Neïssa Tima », se pawòl sa yo plizyè dizèn moun ki te abiye ak mayo blan t ap chante nan divès riyèl nan komin Petyonvil. An menm tan an, moun sa yo te gen divès pankad nan men yo ki te mande pou lajistis ayisyèn arete doktè Mackenzie Dorlus, ki se kouzen Wensley Dorlus, ki li menm tou te vin mouri kèk jou aprè yo te jwenn kò Neïssa Tima nan machin li nan zòn Mòn Bren, Petyonvil.

Pandan mach pasifik sa a, manifestan yo melanje ak paran Tima te depoze plizyè jèb flè ak balèn nan espas kote dram nan te pase a. Si premye eleman ankèt pakè Pòtoprens yo te fè konprann pa t gen okenn siy kadejak, moun sa yo ki te pran lari a toujou kwè se ta nan yon ka konsa Neïssa Tima te rive viktim nan. Se poutèt sa, yo soulinye enpòtans ki genyen pou otorite jidisyè yo pran responsablite yo nan dosye a.
N ap raple, dosye sa enplike 2 etidyan inivèsite Kiskeya ki se : Neïssa Tima ki gen 19 lane ak Wensdel Haurry Dorlus ki gen 21 lane. Nan yon premye tan, fanmi Tima te jwenn li mouri nan machin Wensdel Dorlus depi lendi 26 janvye pase a. Wensdel, li menm tou te nan machin nan « enkonsyan », daprè doktè Mackenzie Dorlus ki te mennen yo lopital. Nan yon dezyèm tan, Wensdel li menm tou li ta pral jwenn lanmò li sou kabann lopital 6 jou aprè fanmi l te anonse li te tonbe nan koma.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



