Fondasyon Je Klere (FJKL) mande pou responsab Inivèsite Kiskeya yo bay tout prèv sou finansman 150 milyon goud gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a te ba yo a.
Reyaksyon sa vini ayè madi 10 mas 2026 la, aprè Inivèsite a te tante eksplike divès rezon ki lakoz gouvènman an te finanse yo.
« Pou kèlkeswa enstitisyon prive resevwa èd finansyè nan men Leta, e pou li an règ, fòk li fè yon demann ki dwe gen : pwojè a, enpak sosyal pou jistifye itilite piblik li, kòman finans enstitisyon an ye e pou gen odit sou gesyon antrepriz la, konvansyon sou kontribisyon Leta sitou si lajan an bay an plizyè fwa », daprè sa nou li nan kominike sa a ki pibliye ayè madi 10 mas 2026 la.
Si FJKL te montre satisfaksyon li pa rapò ak jan responsab inivèsite sa a pa t demanti enfòmasyon li te bay sou lajan sa a yo te resevwa a, ebyen pi devan òganis la ta pral denonse plizyè erè li estime yo fè. Se sa ki fè, nan remak Fondasyon an fè li soulinye inivèsite a nan nòt li te sòti a te vle : Pase pye sou obligasyon yo genyen pou rann kont sou lajan sa, fè enstitisyon an pase pou yon òganizasyon ki pap fè lajan, epi pa pibliye okenn dokiman jistifikatif sou enpòtans sipò finansyè sa.
An konsekans, òganis la mande pou responsab enstitisyon ansèyman siperyè sa bay Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) divès papye enpòtan ki jistifye lajan sa.
Konsa, daprè yo, ap gen bon jan transparans, ki ap retire tout dout ki ta gen pou wè ak zanmitay premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ak rektè a, Jacky Lumarque.
N ap raple, se aprè piblikasyon yon rapò FJKL nan kòmansman mwa mas la responsab inivèsite a te vin eksplike yo te resevwa lajan sa se ta pa rapò ak enkapasite yo te genyen pou jwenn lajan pou te kontinye aktivite akademik yo. Yo te mansyone plizyè rezon tankou lajan ameriken an ki te vin desann, kantite enskripsyon etidyan yo te konn resevwa yo ki te vin diminye, epi ak atak gang yo nan zòn Tijo ak Pako.
Se pou sa, pi lwen yo fè konprann Ministè ekonomi ak finans te debloke lajan sa pou yo gras ak yon demann yo te fè an desanm 2022, e gras ak yon pwotokòl akò ki te siyen 20 me 2025 lan. E yo fè konnen menm jan akò yo te siyen an te di l, yo te bay ministè a plizyè rapò naratif ak finansyè 24 jiyè, 31 oktòb ak 15 desanm 2025 pase a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


