Nan yon moman kote mizik ayisyen ap touche plis nanm toupatou, D-Magic se non sa a ki ap monte nan endistri a pou fè non l ak pwòp istwa li. Djerousny Germain tout moun konnen sou non D-Magic Rappeur Haiti fèt premye oktòb 1997 nan komin Lestè, nan Latibonit. Li se yon atis ki pote yon vwa diferan nan mond Rap Kreyòl la, kote li chante eksperyans lavi l, doulè l, lespwa, ak pasyon li.
D-Magic, se yon rapè, pwodiktè ak atis ki te kòmanse jwenn wout li ak anpil difikilte. Men, sa pa t anpeche li te transfòme tout eprèv sa yo an enspirasyon pou fè mizik ki pale ak kè fanatik li yo. Nan deklarasyon l, li fè konnen objektif li : « se fè rap la tounen yon zouti konsyans, yon fason pou leve moral pèp la, olye kraze l ». Li kontinye pou l di, l ap travay pou tip mizik sa jwenn plas li nan menm nivo ak hip-hop ameriken an. Pandantan sa, li menm li pwomèt l ap kontinye pote drapo Ayisyen an wo sou sèn mondyal la.

Yon vwa ki sòti Ayiti ki rive Etazini
Aprè plizyè lane ap travay mizik nan peyi l, D-Magic rive Òlando, Ozetazini, kote li kontinye grandi. Se la tou li vin devlope son li pi byen, e rive fè bon jan melanj ant Rap Kreyòl la, Trap, ak Hip-hop.
Travay li jwenn atansyon sou plizyè platfòm entènasyonal deja. Nou ka site : HipHopSince1987, Digital Journal, ak NewsBreak. Platfòm sa yo dekri li kòm « yon vwa k ap redefini Rap ayisyen an sou sèn mondyal la ».
Atravè mizik li yo, atis la pa pè pale sou reyalite lavi a. Sòti nan batay pèsonèl li, pèsekisyon, lanmò fanmi, pou rive nan rèv pou wè Ayiti leve kanpe ankò.
Lavi Mwen Tris, Vize Pi Devan, Virus Ayiti, Di Yon Mo Pou Ayiti (feat Gorbatchevy), Mwen Gen Yon Rèv Feat Solo Emanly, Mwen Renmen Madan Misye, se pami mizik li genyen. Daprè li, Chak pwojè sa yo, pote yon mesaj lespwa, lanmou pou rasin ayisyen an, ak yon apèl pou solidarite.
D-Magic itilize enfliyans li pou ankouraje lajenès
Nan yon tan kote rezo sosyal yo ap taye banda, D-Magic eksplike li itilize enfliyans li pou pote mesaj li yo epi rive ankouraje jenès la. Sou TikTok li genyen 19.7 mil moun k ap suiv li, sou Instagram li genyen 10K mil, sou YouTube li gen 15 mil epi Spotify menm li genyen 2 000 moun pou l pataje mizik li ak yo. Li itilize enfliyans li pou enspire jèn yo rete pozitif, travay di, epi kwè nan tèt yo. Dayè pou anpil fanatik, D-Magic se plis pase yon rapè. Paske yo konsidere l kòm yon modèl rezistans ak enspirasyon.
Nouvo pwojè pou ane 2026 la
Pou ane 2026 la, rapè a ap prepare divès nouvo pwojè an kolaborasyon ak lòt atis nan dyaspora Ayisyen an. Li fini pou di : « Tout sa m ap fè, se pou pèp mwen, pou manman m ak pou jenerasyon k ap vini yo ».
Pou suiv D-Magic Rappeur Haiti ou kapab klike sou lyen ki anba yo :
Instagram :https://www.instagram.com/d_magic_rappeur_haiti?igsh=djhvOGJsYjFjMjhk
TikTok :https://www.tiktok.com/@dmagicrappeura?_t=ZT-8zhERx2v9gl&_r=1
YouTube : https://youtube.com/@d-magicrappeurhaiti?si=KVxK_i4Z6r1VtRZ3
Spotify :https://open.spotify.com/artist/34ENMLq5lIIvWtoTMs8nzH?si=nIV0mGJ_RkK05xvYX1J_vw
Email : [email protected]



