Atis Marco Frantz Junior Pierre tout moun konnen sou non O-Mark sòti yon nouvo mizik ki pote non « Ale Bae », yon mizik ki anonse pwojè EP li genyen pou mwa k ap vini yo. Nan mizik sa a chantè a pale sou relasyon lanmourèz de moun kote defo youn konn pèmèt lòt la ap monte yon masuife malgre moun yo gen lanmou pou patnè yo. Li te eksplike ekip Mag Haiti a pi byen siyifikasyon pwojè sa a.
« Mwen montre nan mizik la m trè konsyan egzistans defo m yo, trè rekonesan sa l fè ki byen pou mwen. Men m montre l tou si l rete bò kote m ak tout defo ki enchanjab lakay mwen yo li ka vin pi rayi m chak jou k ap pase. Pito l ale lwen m pou evite sa », se ak pawòl sa yo chantè a rive dekri mizik li a. Pi lwen, li fè konnen li ekri tèks sa a aprè obsèvasyon li fè nan anpil relasyon, sitou moun ki marye yo. Sa ki fè li reyalize : « Malgre moun yo gen anpil tan ansanm, swa fi a oubyen gason an pa janm alèz nan relasyon an vre, mete sou sa yo pa janm avwe sa a. Yo gache tout yon vi jis pou fè sosyete plezi », toujou daprè deklarasyon O-Mark ki pa pè pale sou modèl relasyon sa yo kote de patnè yo ap pale lòt mal ak zanmitay poutan yo pa janm gen kran kite relasyon toksik yo konn ladan l lan.
Konpozitè a montre de moun ka kraze kite sa san eskandal ni chirepit. Se pou tèt sa O-Mark di li vann respè, rekonesans, konsyans ak trankilite nan mizik la. Paske li di li rete kwè pa gen okenn rezon pou 2 moun ki te renmen tonbe nan revele sekrè lòt pandan yo nan gwo diskisyon pou youn ap avili lòt.
Ale Bae se yon mizik ki gen koulè Afwo ak Dancehall kòm rit. Pou sa ki gen pou wè ak videyo a, atis la fè konnen se Xvyouz ak Kervens S. Pierre ki reyalize l, pandan Kumy Beats pwodui li. Daprè sa O-Mark deklare, nouvo son sa anonse EP li k ap pote non « LI-MYÈ-L » e k ap gen pou pibliye nan mwa k ap vini yo. Nan sa ki gen pou wè ak siyifikasyon non pwojè a, beatmaker a eksplike li wè li tankou yon wout Bondye ap trase epi klere l yon fason pou l pase malgre wout la chaje ak pikan kwenna.
Pou sa ki gen pou wè ak atant li sou enpak pwojè a men sa li te konfye nou : « Mwen atann pwojè sa pral fè m touche yon piblik ki pi laj, pèmèt moun dekouvri plis sa m ka fè nan mizik », se nan menm lide sa li revele li ta renmen pou mesaj li yo ateri, touche plis kè, geri plis maladi epi delivre plis moun ki pa t gen espwa.
O-Mark, yon atis ki makònen ak mizik depi ti katkat
O-Mark se yon chantè, konpozitè ak beatmaker ki gen 25 lane sou tèt li. Li fèt Kwadèboukè nan lokalite Meyè, Despinos. Se depi ti katkat li te kòmanse chante legliz. Men, li fè konprann se a 19 lane li te vrèman kòmanse yon karyè mizikal sitou nan mond evanjelik la. Pami mizik li fè yo nou ka site Pawòl la, Pasaj oblije, Andikap Li Pa Limite L nan tèt kole ak Barche, Yo bare pasaj mwen ak Dope epi Oly X, Ou se moun mwen, Tande m tande, Rasanble epi Pou ou Manman.
Nan Lane 2024, li rakonte li te viktim anba men bandi kote yo te kidnape manman l, sakaje lakay li pandan papa t ap soufri anba maladi. Yon sitiyasyon ki te oblije fè l kite peyi a pou ale Etazini. Li konfye nou tou se move sikonstans sa yo ki souvan enspire li. Se nan sans sa a li eksplike pi ba tout sa mizik reprezante pou nan lavi l.
« Li ki fè m santi m ap viv, se youn nan fason mwen eksprime tèt mwen. Mizik se pasyon m, li se yon lang mwen konprann byen, li se pi bon fason mwen ka kominike ak moun », selon sa l rakonte. O-Mark fini pou di : « Mizik ban m pou wa pou m touche moun, pote mesaj, e kite yon anpwent pozitif pou lè m pa vivan ankò ».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025



