Anons Cristiano Ronaldo fè jedi 5 novanm 2026 la vini tankou yon gwo tranblemanntè nan mond espò a, puiske li deside mete fen nan avanti l ak seleksyon nasyonal Pòtigal la. A sèlman 41 lane, pi gwo figi nan istwa foutbòl pòtigè a chwazi remèt nimewo 7 la bay pwochen jenerasyon an aprè 23 lane sèvis san parèy nan nivo entènasyonal la.
Vwayaj CR7 la te kòmanse nan mwa dawout 2003, li te sòti sou zile Madè pou t ale mete mayo Seleçao a pou premye fwa nan yon match amikal kont Kazakstan. Depi nan premye boul li te choute a, li te montre talan, detèminasyon l ak vitès li. Lespri konbatif li te pèmèt li vin yon pyès enpòtan nan ekip la sitou pandan Euro 2004 la kote Pòtigal te rive nan final la, epi nan Koupdimond 2006 la an Almay.
Cristiano Ronaldo ekri non l nan liv istwa foutbòl mondyal la ak chif sa yo: 234 seleksyon, sa ki vle di li se jwè ki jwe plis match nan tout istwa foutbòl entènasyonal la. Li fè 146 gòl, yon chif ki fè l pi gwo bitè nan tout istwa foutbòl nasyonal la. Nan zafè Koupdimond, Li se sèl jwè ki jwe 6 edisyon diferan (2006, 2010, 2014, 2018, 2022 ak 2026).
Pandan plizyè ane, Pòtigal te gen gwo atlèt, men yo t ap chèche yon premye gwo tit entènasyonal. Se gras ak kapitèn nan yo te vin chanpyon Euro 2016 la. Yo te genyen Ligdènasyon UEFA 2019 ak 2025 lan, se te dezyèm ak twazyèm tit entènasyonal yo nan konpetisyon sa a. Yon pakou ki te mete Pòtigal pami gwo ekip yo.
Dènye fwa tout moun te wè CR7 ak mayo wouj ak vèt Pòtigal la se te dat 24 septanm 2026 la. Lè sa ekip la te bat Peyigal 1-0 nan kad Ligdènasyon 2026-2027 la.
N ap fè konnen, daprè jounal pòtigè Observador, CR7 ta refize yon match Federasyon Foutbòl Pòtigè a te vle fè pou li.
Nan mesaj orevwa li a, Ronaldo deklare reprezante peyi l se te pi gwo privilèj ak lonè li te genyen nan lavi l. Epi li pwomèt l ap toujou sipòte ekip sa a. Li te pran tan pou l te remèsye pèp pòtigè a, seleksyonè yo, estaf teknik yo ak tout koyekipye l yo. Malgre paj entènasyonal sa a chanje, Cristiano Ronaldo ap kontinye jwe nan ekip Al-Nassr a.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026





