Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) pibliye jodi madi 20 oktòb 2026 la lis 14 jwè seleksyon nasyonal mwens pase 15 lane ki pral reprezante Ayiti nan premye edisyon Festival Koupdimond U-15 la. Evenman espòtif sa ap dewoule nan peyi Azèbadjan apati 24 oktòb k ap vini la. Lis la sòti sou direksyon antrenè Raul Valentin Ramírez.
Men lis 14 jwè ki seleksyone yo : Lubin Marc-Evens, Woodney Succès Djoovinsky, Bernard Richardson, Prasseley Lamartinière, Luis Alberto Étienne III, Marvens Fenelon, Messi Jay Jean, Hanelson Antoine, Jodeley Delmas, John Laroque, Aridou Benoît, Clavens Myrthil, Noah Desrois, ak Christopher Charles.
Aprè plizyè sesyon antrènman ak ajisteman taktik, se jèn Grenadye sa yo ki nan dènye etap preparasyon yo anvan konpetisyon an. N ap soulinye, delegasyon ayisyèn nan deja rive Azèbadjan, kote ekip la pral defann koulè nasyonal la ak detèminasyon.
Yon fòma ki gen anpil diferans ak foutbòl nòmal la
14 jèn foutbolè sa yo pral jwe nan yon fòma ki diferan pa rapò ak match foutbòl tradisyonèl yo. Konsa, nan konpetisyon sa a, rankont yo pral jwe sou fòm 8 kont 8, pandan chak match ap dire 20 minit. Se poutèt sa, estaf teknik la chwazi yon gwoup ki adapte ak egzijans konpetisyon an.
Fòk nou di, se premye fwa jèn Ayisyen yo pral jwe fòma sa. Men tou, se premye edisyon konpetisyon an. Kidonk, pou premye patisipasyon sa a, FHF deklare : « Objektif la se fè koulè nasyonal yo briye ». Epi yo soulinye sa ap bay jèn jwè yo eksperyans epi montre kapasite foutbòl ayisyen an.
N ap raple, gen plizyè jwè ki nan lis sa ki apèn sòt chanpyon nan CFU Challenges Series U14 la. Pami yo, gen atakan Jodeley Scheekensley Delmas, ki te fini kòm pi bon bitè. Epi genyen tou Messi Jay Jean.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


