Michele Kang, ki se prezidan ekip Olympique Lyonnais yo, resevwa pri « Meilleure Dirigeante » nan World Football Summit Awards 2026 la. Li resevwa pri sa madi 15 septanm 2026 la nan vil Madrid, an Espay. Gras ak pri sa, li vin premye fanm nan listwa ki resevwa rekonesans sa a.
Nan yon kominike nou li nan jounal ekip OL la, yo fè konnen jiri a konsidere Michele Kang gen gwo enpak kit nan foutbòl gason yo osnon nan foutbòl fanm yo an Ewòp ak nan Amerikdinò a. E yo site tou travay li fè nan mete sou pye pwojè divès klèb fanm pandan l ap reflechi sou pwoblèm ki genyen yo.
Pandan entèvansyon li nan World Football Summit la, Kang te efektivman pale sou fason foutbòl fanm nan dwe devlope. Se pou sa li te deklare : « Pi move bagay foutbòl fanm ka fè se kopye san reflechi sa foutbòl gason ap fè ». Pou li menm, foutbòl medam yo gen bezwen espesifik, sitou nan preparasyon fizik, rechèch syantifik, estrateji ak envestisman. An menm tan, li te eksprime tou lajwa li genyen dèske yo òganizasyon an rekonèt travay li yo nan foutbòl la.
Yon rekonesans ki vini apati kreyasyon Kynisca Sports International, ki se yon gwoup Kang kreye ki konsantre sou devlopman foutbòl fanm atravè modèl plizyè klèb. Gwoup la gen ladan l Washington Spirit, Ozetazini, OL Lyonnes, an Frans ak London City Lionesses, an Angletè.
Kynisca te lanse an 2024 ak objektif pou mete plis resous nan enfrastrikti, pèfòmans, teknoloji, analiz done, rekritman ak devlopman pèsonèl nan foutbòl fanm nan. Kang te anonse tou 50 milyon dola èd pou Kynisca Innovation Hub, toujou pwojè rechèch ki konsantre sou espò fanm yo.
Avèk prim sa a, Michele Kang antre nan lis dirijan ki deja jwenn rekonesans sa nan World Football Summit la, pami yo nou jwenn Prezidan PSG a, Nasser Al-Khelaïfi, Prezidan Bayer Leverkusen nan, Fernando Carro, direktè City Football Group la ak Prezidan Manchester City a, Ferran Soriano epi Prezidan UEFA a, Aleksander Čeferin.
N ap soulinye, distenksyon sa mete an valè tou plas fanm yo nan direksyon ak devlopman endistri foutbòl la.
N ap fè konnen, Michele Kang se yon bizniswoman amerikèn ki fèt Koredisid. Li gen 67 lane, li se tou yon feminis. Selon Forbes, byen li yo evalye a anviwon 1.2 milya dola vèt. Li gen yon diplòm nan ekonomi epi yon mastè nan management. Li se fondatris Cognosante, yon antrepriz ki espesyalize nan teknoloji enfòmasyon ak transfòmasyon nimerik nan domèn lasante. Li te antre nan mond foutbòl la nan lane 2022 kote li te pran tèt ekip fanm Washington Spirit la. Aprè sa, li te vin pran tèt ekip OL la nan lane 2025 aprè demisyon John Textor.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



