Selon lapolis Springfield, jèn inivèsitè Ayisyen an, Pierre Damas Bell, 20 lane, mete fen nan lavi l lendi 31 dawout 2026 la. Trajedi sa se ta akòz move tretman li t ap sibi nan lekòl li akòz braslè elektwonik GPS ICE te mete nan pye l. Daprè Springfield News Sun, se yon traktè remòkè ki pase sou Bell nan moman li te sou wout pou machinn nan pase a nan zòn Lwès I-70 vil Ohio 54 la. Fanmi li asosye lanmò li a ak asèlman li te konn ap sibi akòz braslè ICE la.

Fawouch, lawonte, imilyasyon, se deskripsyon lavi Damas pandan tout yon mwa
Nan mikwo jounalis Luckson Saint-Vil, papa a, Pierre Ronald Bell, rekonèt pitit li a te montre gwo siy depresyon. Kote li pa t ka manje e te toumante. Men, konsènan pou l ta touye tèt li a, papa a mande lapolis prèv paske li deklare : « Mwen vle wè videyo a, paske m pa kwè li t ap touye tèt li konsa ».
Daprè papa viktim nan, zanmi Damas yo te konn fawouche l epi mete l sou kote depi lè li te gen braslè ICE la nan pye li a. Mete sou sa, li temwanye a chak fwa Damas te mete chosèt pou kouvri braslè a, ICE te konn plede rele l pou entèdi l sa. Pandan tan sa, Ronald eksplike tou lekòl la te retire pitit li a nan tout pwogram li te renmen yo, pami yo pwogram militè a, Junior Reserve Officer Training Corps (JROTC). Kote li te rapòte li santi l imilye puiske tout kanmarad li yo te jwenn inifòm men li menm akòz braslè elektwonik lan li pa t jwenn.

Haitian Time, prezante Damas kòm yon jwè foutbòl ki te konn jwe pòs atakan nan ekip inivèsite Wright State la. Inivèsite a te revele, braslè a te anpeche l jwe. Sa ki te fè, li fè plizyè vwayaj ale Cincinnati epi Westerville pou te mande ajan ICE yo retire braslè a yon fason pou l te kontinye jwe foutbòl la. Men, daprè papa li Ronald « Ajan yo pa t aksepte ».

« Yon pakèt reyaksyon ki te fè l santi l tankou kriminèl », se sa Ronald deklare. Yon deklarasyon Damas te fè avan li te mouri a nan yon pòs li te fè sou kont Instagram li 30 jiyè pase a. Li te fè konprann li te vini Etazini pa pou yo te trete l tankou yon kriminèl, men pou li te etidye, konstui avni l epi viv lavi li. Poutan, li te soulinye li ap mache ak yon braslè elektwonik ki pwovoke lawonte, ak imilyasyon lakay li.

Pou kounye a, kò Damas nan men Leta ameriken, pandan papa a kontinye mande prèv pou konnen nan ki sikonstans pitit li a pèdi lavi l la. An menm tan, Ronald Bel revele li deside tounen an Ayiti ak tout fanmi l. N ap soulinye, Pierre Damas te sou TPS, e te fè aplikasyon azil. Li te gen randevou pou mwa oktòb la.
Yon lanmò ki boulvèse tout kominote Ayisyèn nan
Divès reyaksyon tonbe aprè nouvèl lanmò Bel la. Responsab inivèsite Wright State li te apènn kòmanse suiv kou a, Sue Edwards, fè konnen yo ap kriye pou jèn sa a. Li dekri li kòm yon etidyan ki te fò, ki te sou sa e ki te renmen foutbòl. Pastè Carl Ruby li menm te fè konnen : « Se vye politik imigrasyon san mounite Prezidan Trump, ansyen chèf kabinè Mezon Blanch lan, Stephen Miller, ak sekretè sekirite enterye a, Markwayne Mullin, ki responsab lanmò sa a ».

« Mwen te konsidere l kòm ti frè m, e te di l m ap ede l nan tout demach li yo », se deklarasyon Yola Lamarre fè nan medya 10WBNS.
Wyclef Jean, Duckens Nazon se pami gwo sispesta Ayisyen ki foure bouch nan dosye sa tou.
N ap soulinye, Damas se te youn pami 350 mil Ayisyen ki te sou TPS. Yon pwogram Lakou Siprèm te bay pèmisyon pou gouvènman Trump lan te mete yon bout ak li nan mwa jen 2026 la sou. Sa ki fè, tout Ayisyen sa yo anba gwo menas pou sibi depòtasyon. Dayè, pandan mwa dawout 2026 la, otorite imigrasyon amerikèn yo voye tounen anviwon 232 imigran tounen Ayiti. Ladan yo plizyè sitwayen ki pa gen anyen pou wè ak Ayiti.
Yon rèv ki tonbe nan dlo
Pierre Damas Bel te genyen 20 lane. Li te rive Etazini gras ak wout Meksik la, nan lane 2024. Nan mwa me 2026 la, li te resevwa diplòm fen etid li nan Lise (High School) ak mansyon, epi te antre nan inivèsite nan mwa dawout 2026 la. Li t ap travay nan Texas Roadhouse. Li te reve vin yon medsen espesyalman yon espesyalis nan newosyans. Yon rèv ki te kòmanse tonbe nan dlo apati 29 jiyè a aprè ajan imigrasyon amerikèn yo te mete braslè elektwonik la nan pye li. Jous 31 dawout 2026 la, dat lapolis Springfield rapòte li mouri sou plas aprè yon machinn pase sou li Ohio.

N ap raple, otorite yo anonse y ap mennen anket bò kote pa yo, pou konnen nan ki sikonstans Damas Bel pèdi lavi l.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


